Page 3 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 3

DEKLARASYON VIZYON


          Nou anvizaje...

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach se yon anviwònman edikatif ak travay, kote ni elèv ni estaf pa genyen
        obstak patipri oswa diskriminasyon pou bloke yo. L ap akeyi, rekonèt epi enspire tout endividi ki soti
        tout kote epi ki fè tout kalite eksperyans. Tout moun pral reyisi epi pwogrese.

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap responsab metriz akademik, entèlijans emosyonèl ak bezwen sosyal
        tout elèv, nan kreye anviwònman kote fanmi elèv, estaf, ak kominote yo ap genyen mo pa yo nan
        desizyon k ap pran.

        Nou enspire yon jwa pou aprann nan chak elèv epi yon vizyon pozitif pou lavni li.  Nou valorize eritaj
        kiltirèl chak elèv epi nou satisfè bezwen fizik, emosyonèl, akademik ak sosyal li.

        ... NOU WÈ OU.


                       NOTIFIKASYON ANYÈL SOU DEKLARASYON NON-DISKRIMINASYON



        Komite Dirijan Lekòl Rejyon Palm Beach, Florid, entèdi diskriminasyon nan admisyon oswa aksè nan,
        oswa travay nan pwogram ak aktivite li yo, sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks oswa oryantasyon
        seksyèl, sitiyasyon  matrimonyal, laj, relijyon, andikap, enfòmasyon jenetik, idantite seksyèl  oswa
        ekspresyon, oswa nenpòt lòt karakteristik lalwa entèdi. Komite Dirijan Lekòl la bay Eskout yo ak lòt
        gwoup jèn yo deziye aksè legal tou.

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ofri pwogram karyè ak teknik sa yo, tankou akademi karyè kote elèv
        yo ka jwenn  sètifikasyon  nan  endistri,  ale nan  paj  Programs of  Study  (Pwogram Etid  la)pou plis
        enfòmasyon ak yon lis klas yo.

        Mank konpetans nan lang Anglè pa pral yon baryè pou admisyon ak patisipasyon. Distri a kapab evalye
        kapasite chak elèv pou benefisye pwogram espesifik atravè tès plasman ak konsèy, epi, si sa nesesè,
        pral bay sèvis oswa referans pou pi byen prepare elèv yo pou patisipasyon efikas.
   1   2   3   4   5   6   7   8