Page 4 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 4

Mesaj Sipèentandan an


                                                          Michael J. Burke


                             Chè Elèv, Paran ak Responsab:


                             Byenveni nan ane lekòl 2023-2024 la! Kòm Sipèentandan ou, mwen kontan anpil pou m
                             anbake  nan yon lòt ane eskolè nou sèten  ki  ranpli avèk siksè pou  elèv yo ak reyisit
                             akademik, menmjan ak ekselans kontinyèl Distri Lekòl nivo A nou an.


                             Objektif manyèl Elèv ak Fanmi an se pou kominike atant, règleman, ak pwosedi pou ane
        lekòl la  pou tout  elèv nou yo ak fanmi yo.  Manyèl sa a se yon resous enpòtan  pou ranfòse anplwaye ak
        administrasyon nan chak lekòl nou yo ki travay di pou kreye yon anviwònman aprantisaj san danje epi pozitif.

        W ap jwenn anpil enfòmasyon itil nan paj sa yo. Mwen ankouraje nou konsantre sou dokiman sa a epi familyarize
        nou avèk kontni li. Kòm yon Distri Lekòl, objektif nou se kreye yon atmosfè kote nou kapab byen edike elèv nou
        yo epi ede yo byen devlope. Sa enplike nan bay pwosedi byen eksplike, menmjan ak paramèt yo etabli ak direktiv
        klè.
        Ou kapab jwenn Manyèl Distri a pou Elèv ak Fanmi nan paj SIS pitit ou a. Manyèl la genyen ladan Kòd Konduit
        Elèv la (the Student Code of Conduct), Avi sou Dwa Edikasyon Fanmi ak Lwa sou Vi Prive “Family Educational
        Rights and Privacy Act (FERPA), FERPA), Lwa sou Amandman Dwa sou Pwoteksyon Dwa Timoun (Rights under
        the Protection of Pupil Rights Amendment, PPRA), ak anpil lòt fòm enpòtan.  Si ou pa kapab jwenn aksè nan paj
        SIS pitit ou a, tanpri, enfòme lekòl pitit ou a rapidman; konsa, y ap ba w yon kopi (papye) dokiman sa yo.

        Anplis, li enpòtan anpil pou elèv, paran, ak responsab yo vin abitye ak Règleman Zewo Tolerans Distri a. Nou
        tout benefisye lè tout moun konnen epi respekte direktiv ak enstriksyon ki nesesè pou asire yon anviwònman
        aprantisaj ki san danje e pwodiktif.

        Chak nouvo ane lekòl ofri opòtinite pou yon nouvo kòmansman. Mwen ankouraje elèv yo pou pwofite ane sa a
        pi byen epi mete tèt yo sou yon chemen ki mennen nan siksè nan travay di jodi a ki pral sèvi kòm fondasyon pou
        yon avni ki chaje siksè ak rekonpans.

        Mwen envite w fè patenarya avèk nou nan akonplisman misyon Distri nou an pou edike, afime, ak enspire chak
        elèv nan yon sistèm lekòl ki gen ekite.  Mwen apresye sipò ou bay Distri nou an epi mwen espere selebre anpil
        reyalizasyon elèv eksepsyonèl nou yo ak anplwaye devwe nou yo



        Sensèman,


        Michael J. Burke




        Michael J. Burke, Sipèentandan
   1   2   3   4   5   6   7   8   9