Page 8 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 8

Distribisyon Kanè Lekòl Elemantè                    Distribisyon Kanè Lekòl Segondè


                ye
               1  Trimès           6 novanm 2023            1  Peryòd                   20 oktòb 2023
                                                              ye
              2 yèm  Trimès        22 fevriye 2024          2 yèm  Peryòd              17 janvye 2024

              3 yèm  Trimès         30 me 2024              3 yèm  Peryòd                1 avril 2024

                                                            4 yèm  Peryòd            TBD ( y ap anonse l )




                                       RÈGLEMAN AK PRENSIP FONKSYÒNMAN
                                           Pou Eèv lekòl Primè, Mwayen, ak Segondè

        Nou genyen lekòl piblik paske sitwayen Ameriken panse tout moun genyen dwa pou jwenn edikasyon. Florid genyen lwa
        pou garanti timoun kapab epi yo ale lekòl. Nan Florid, timoun ki gen laj ant (6) ak 16 an oblije ale lekòl. Rejyon lokal dwe
        ofri lekòl piblik pou yo ale. Lekòl sa yo dwe ofri yon kote ki san danje, amikal, epi ki sanble ak biznis, pou yo aprann.
        Manyèl sa a bay enfòmasyon sou diferan dwa ak responsablite elèv nan lekòl nou yo. Règleman ak prensip sa yo aplike
        tout lè yon elèv ap patisipe nan yon aktivite lekòl oswa ki genyen rapò avèk lekòl, enkli Aprantisaj Adistans.  Règleman
        konsènan dwa ak responsablite sa yo enkli tou. Tout kote y ap dekri responsablite elèv, li souzantandi paran an (yo) pataje
        responsablite sa yo ansanm ak pitit yo. Nan prèske tout seksyon nan Manyèl sa a, genyen nimewo ki parèt nan parantèz.
        Nimewo sa yo se Atik Lwa Florid (FS Statute number), Règleman Komite Dirijan (P-Règleman number), Règleman Kòd
        Administratif (FAC-rule number) oswa Règleman Komite Dirijan Edikasyon (SBER-rule number). Andedan tout mànyèl la,
        chak fwa w wè mo “paran (yo)”, sa vle di “nenpòt oswa toulede paran yon elèv, nenpòt moun ki nan relasyon parantal
        yon elèv oswa nenpòt moun k ap egzèse otorite pou sipèvizyon, k ap jwe wòl paran yon elèv’’.  F.S. § 1000.21 (5) Tout
        disponib nan: Règleman Komite Dirijan.

                                         ENFÒMASYON OU TA DWE KONNEN

        Plan Pwogrè Elèv (Student Progression Plans) (SPPs) yo disponib nan lekòl sizoka ou ta vle repase l. SPPs yo detaye
        estrateji Distri a pou ede elèv yo fè pwogrè depi lè yo fèk antre nan sistèm nan pou jis lè yo gradye epi anpil nan pwovizyon
        li yo baze sou lwa federal ak règleman Komite Edikasyon Eta. Yo itilize plan sa yo pou etabli yon seri estanda elèv yo
        sipoze reyalize ansanm ak prensip Distri a etabli konsènan pwomosyon, retansyon, gradyasyon ak remedyasyon pou elèv.
        Nan plan sa a tou, gen kondisyon admisyon ak prezans nan klas Distri a egzije pou tout elèv, san bliye deskripsyon
        pwogram ansèyman yo, metòd pou evalye, ak rapò sou pwogrè elèv, ansanm ak tout kondisyon pou gradyasyon yo. Ou
        kapab jwenn plis enfòmasyon itil toujou sou sit entènèt Distri a: www.palmbeachschools.org  Anplis, sit entènèt ki anba
        la yo bay enfòmasyon enpòtan sou lekòl:

               ●  Kòd Konduit Elèv.
               ●  Rapò sou Responsablite Lekòl Piblik
               ●  Nòt Lekòl yo
               ●  Plan Amelyorasyon Lekòl

        Yo kapab jwenn yon lis konplè Lekòl Rejyon Palm Beach yo ak direktè/tris yo sou Sit Entènèt Distri a anba bouton Schools.
        Ou kapab jwenn Manyèl pou Elèv ak Fanmi an sou paj entènèt Distri a anba bouton Students & Parents tab/Student &
        Parent Resources/ Policies/Procedures: Manyèl Elèv ak Fanmi



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       2 | Page
   3   4   5   6   7   8   9   10   11   12   13