Page 9 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 9

●  Afichaj Deviz Eta a: An 2018, lejislati Florid te vote yon nouvo lwa ki mande pou tout lekòl yo ekspoze deviz
                   Eta a ‘’Nan Bondye nou Kwè” nan yon pozisyon ki vizib. Daprè lwa sa a, y ap afiche deviz Eta a yon kote ki
                   vizib nan tout lekòl.
               ●  SIS Gateway : SIS Gateway a bay paran ak elèv yo aksè nan moman opòten orè, devwa, rapò sou devwa,
                   prezans, ak plis ankò sou chak elèv.  Paran ak elèv lekòl segondè ap kapab wè nòt ak devwa yo ki pi resan.
                   SIS Gateway a bay paran ak elèv yo abilte pou voye imel byen fasil bay pwofesè yo atravè sistèm sa a.  Elèv
                   yo genyen aksè nan SIS Gateway atravè senbòl ki disponib nan pòtay Distri a pou elèv yo.  Paran dwe enskri
                   pou genyen yon kont SIS Gateway avèk yon adrès imel ki aktif ak yon kòd aktivasyon lekòl la bayo.  Yo
                   ankouraje paran yo pou kontakte lekòl yo a pou mande èd pou SIS Gateway.

                                            ANGAJMAN PARAN AK FANMI

        Règleman 1.015 Komite Dirijan Lekòl la (Patisipasyon Paran) kreye yon anviwònman kolaboratif kote nou akeyi, rekonèt
        ak ankouraje paran ak fanmi elèv nou yo pou yo patisipe nan edikasyon pitit yo. Distri lekòl la rekonèt wòl vital paran ak
        fanmi yo jwe nan edikasyon, byennèt ak valè elèv li yo, epi li kwè edikasyon chak elèv se yon responsabilite lekòl la, Paran
        ak manm fanmi elèv yo pataje. Pou garanti yon bon patenarya ant lekòl la ak lakay, Komite Dirijan Lekòl la ankouraje
        patisipasyon aktif fanmi yo epi fè sèten tout lekòl tabli bon relasyon ak fanmi elèv yo ki genyen enpak epi sipòte reyisit
        akademik ak byennèt sosyo-emosyonèl elèv yo.

                                           Lis Verikasyon Angajman Paran ak Fanmi

        - Annakò avèk P-1.015 ak F.S. 1001.42 (17)(d), lis pwen verifikasyon sa yo fèt pou ede fanmi patisipe nan aktivite ki
        pwomouvwa devlopman sosyal ak akademik elèv yo.   Genyen gwo lespwa pou pitit  ou  epi patisipe aktivman nan
        edikasyon yo, pral ogrmante chans pou yo satisfè ak/oswa depase estanda leta yo epi y ap pare pou kolèj ak karyè.

                  Mete yon tchèk chak fwa ou fè youn nan aktivite sa yo lakay ou:   1      2      3        4


             Genyen gwo lespwa pou pitit mwen (Tout)


             Te fè sèten pitit mwen te ale lekòl chak jou epi rive alè. Prezans Konte
             Anpil ! (Tout)


             Te fè sèten pitit mwen te manje yon dejene lakay li oswa lekòl la (E/M);
             Ankouraje pitit mwen pou l manje yon dejene lakay li oswa nan lekòl la
             (H)

             Te fè konvèsasyon avèk pitit mwen sou enpòtans ale lekòl, ak abitid ki
             sipòte siksè.  Edikasyon enpòtan! (Tout)

             Ankouraje pitit mwen pou l yon elèv ki motive pandan l ap konplete
             devwa lekòl ak lakay (Tout)

             Te ede pitit mwen jere tan yo nan etabli yon woutin oswa orè apre lekòl
             (devwadmezon, zanmi ak fanmi yo, klib, espò, tan lib-òdinatè/jwèt
             videyo, lè pou yo ale dòmi eltr. (Tout)




         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       3 | Page
   4   5   6   7   8   9   10   11   12   13   14