Page 11 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 11

Mete yon tchèk chak fwa ou fè youn nan aktivite sa yo lakay ou:       1       2      3        4

             Te kenbe sistèm kominikasyon nan de (2) sans avèk pwofesè pitit mwen
             (yo) lè m te tyeke valiz, ajanda kotidyen, ak/oswa SIS Gateway, etc. (Tout)

             Te kominike regilyèman ak lekòl la sou fason pitit mwen ap travay
             akademikman ak sosyo-emosyonèlman (jounal kominikasyon, kaye,
             nimewo telefòn, imèl, etc.) (Tout)

             Te patisipe nan reyinyon paran-pwofesè pou enfòme m sou pwogrè pitit
             mwen epi pran desizyon konsènan byennèt ak edikasyon pitit mwen
             (E/M) oswa enfòme m sou pwogrè, objektif, sa mwen swete, oswa kòman
             pou m ede pitit mwen pare pou karyè kolèj li, epi pran desizyon sou
             byennèt ak edikasyon pitit mwen (H)

             Te travay ak pwofesè pitit mwen (yo) pou m aprann sou sa yo
             atann/objektif akademik, epi kijan m kapab sipòte pitit mwen lakay (E/M)

             Te rankontre konseye akademik nan telefòn, an pèsòn, oswa vityèlman
             (sou entènèt) pou diskite plan karyè kolèj, rezime (CV)/aplikasyon pou
             karyè kolèj, dat limit, eksplorasyon vityèl vizit kolèj oswa ekspozisyon
             karyè kolèj, èd finansye, bousdetid, etid travay federal, opsyon aprè kolèj,
             fè apranti eltr. (H)
             Revize pwogrè pitit mwen regilyèman atravè kanè a, bilten mitan trimès,
             rezilta egzamen, oswa SIS Gateway (Tout)


             Te konnen klas/kou ak GPA pitit mwen te bezwen pou li pare pou karyè-
             kolèj (M/H)

             Te ale nan reyinyon lekòl oswa distri a pou m patisipe nan desizyon k ap
             pran sou edikasyon pitit mwen {Asosyasyon Paran ak Pwofesè (PTA),
             Oganizasyon Pwofesè ak Paran (PTO), Komite Konsèy Lekòl (SAC), Komite
             Lidèchip Paran (PLC), oswa Komite Konsèy Paran Distri} (Tout)


             Te ale nan trening paran nan lekòl pou gen enfòmasyon sou materyèl,
             pwogram, oswa estrateji mwen kapab itilize lakay pou sipòte aprantisaj
             pitit mwen lakay (E/M) ; oswa preparasyon karyè kolèj (H)


             Te sèvi kòm volontè nan lekòl/sal klas pitit mwen, nan lekòl la, oswa
             aktivite atletik oswa evènman ki pa nan kourikoulòm nan (Tout)

                                                TOTAL KANTITE ENTÈRAKSYON:







         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       5 | Page
   6   7   8   9   10   11   12   13   14   15   16