Page 14 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 14

Absans Motive
        Sa ki anba la a kalifye kòm absans "ki eskize” :

               ▪  Maladi elèv – Si yon elèv toujou malad epi li absan souvan nan lekòl la, li dwe anba sipèvizyon yon doktè pou
                   l kapab resevwa yon eskiz pou absans.
               ▪  Randevou medikal
               ▪  Ka mòtalite nan fanmi
               ▪  Obsèvasyon yon fèt relijye oswa sèvis kote tout manm afilye yo pataje menm kwayans la.  (Règleman Komite
                   Administratif P-5.095
               ▪  Asiyasyon lalwa pou konparèt oswa pou prezante obligatwaman devan tribinal
               ▪  Kondisyon klimatik ekstrèm tankou, men ki pa limite ak, inondasyon, siklòn, toubiyon, oswa lòt fenomèn ki
                   soti nan Bondye ki rann li enpratikapab oswa dekonseye pou sekirite elèv la pou vin lekòl.
               ▪  Sispansyon. Sispansyon nan lekòl oswa andeyò lekòl, se eksklizyon tanporè elèv la nan pwogram klas regilye
                   li oswa ansèyman nan lokal tout lekòl piblik ak tout lòt aktivite lekòl la sipòte, eksepte lòt fason direktè(tris)
                   la oswa reprezantan l, dapre jan Lwa Florid § 1003.01(5a-b) defini l, ak sa ki ekri nan Kòd sou konduit elèv la
                   nan Règleman 5.1812 ak 5.1813.
               ▪  Yo pa konsidere elèv ki ale nan pwomnad direktè/tris la otorize, kòm absan. Pwomnad yo dwe genyen rapò
                   ak sa ki nan kourikoulòm nan.
               ▪  Lòt absans endividyèl elèv ki depase kontwòl paran oswa elèv la, jan Direktè/tris oswa reprezantan li detèmine
                   l P-5.09(3)(e)(i-ix)

        Absans ki pa Motive
        Yon absans san motif se nenpòt absans ki pa tonbe anba youn nan kategori absans motive pi wo yo.  P-5.09 la mande chak
        lekòl ki nan Distri a detèmine si nenpòt absans oswa reta gen motif oswa non dapre kritè ki etabli yo.

        Yo refere elèv ki gen twòp absans ki pa motive/ki pa verifye y ap refere yo bay Ekip Lekòl la pou entèvansyon yo dwe aplike
        pou ede elèv la ak fanmi li amelyore prezans/absans yo. Lekòl la kapab refere elèv la bay Komite Revizyon Prezans Distri a
        (DARC) si prezans pa amelyore apre entèvansyon ak resous yo te mete anplas. Si elèv la kontinye poul pa soumèt ak
        tantativ Distri a pou fè ranfòse prezans/absans nan lekòl, Sipèentandan an oswa reprezantan li otorize pou depoze yon
        petisyon pou absans san motif devan 15 yèm  Awondisman Jidisyè Florid la.

        Reta
        Lè yon elèv lekòl segondè rate senkant pousan (50%) oswa plis peryòd klas yo idantifye kòm enstriktif akoz rive ta oswa
        reta, yo ta dwe konsidere elèv la absan.

                    F.S.F.S.  § 1006.09(1) (b) mande pou: “Yo pa dwe sispann okenn elèv  pou reta san motif, absans oswa woul oubyen vagabondaj.”










           Elèv pa kapab jwenn egzanpsyon pou Pèfòmans akademik ki baze sou pratik oswa règleman ki fèt pou ankouraje elèv yo vin lekòl. Yo pa dwe


           konsidere dosye prezans yon elèv, ann antye ou byen an pati, pou yo bay yon dispans pou elèv sa a pa patisipe nan nenpòt pèfòmans akademik

           obligatwa. F.S. § 1003.33(2)}

        Devwa Ratrapaj pou Klas Jadendanfan-12 yèm  Ane -Pou absans motive ak ki pa motive, enkli sispansyon, elèv la pral genyen
        opòtinite pou l fè devwa ratrapaj san penalite akademik.  Pou sispansyon nan lekòl yo, elèv yo ap jwenn devwa chak jou.
        Pou sispansyon andeyò lekòl yo, elèv yo ap resevwa devwa regilyèman.  Dapre  P-5.09, Nou atann pou elèv lekòl segondè
        yo vinn lekòl regilyèman epi rive alè nan klas yo.


         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       8 | Page
   9   10   11   12   13   14   15   16   17   18   19