Page 17 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 17

Viktim ak/oswa Akò pou Kanpe Lwen nan Lekòl la, yon fason pou kreye yon pi gran separasyon ant yomenm ak patnè yo
        t ap soti avèk li a.

        Yo mande pou chak lekòl segondè fè pwomosyon entèdiksyon sa a kont vyolans ak abi ki fèt nan relasyon amoure, sou
        tout fòm, enkli fizik, emosyonèl, oswa seksyèl, poste non  moun pou kontakte avèk nimewo l sou paj  moun  ki gen
        responsablite pou jere plent yo, epi afiche Règleman an nan plas piblik nan lekòl la, nan manyèl elèv lekòl la, ak nan
        piblikasyon distri  yo  tankou sa a. Moun kapab jwenn Règleman  Komite Dirijan yo nan  paj entènèt Règleman  Distri
        a  nan:  Règleman Komite Dirijan .

        Konduit Inakseptab - Yo defini Entimidasyon kò lè yon moun enflije yon lòt oswa plizyè elèv soufrans fizik oswa sikolojik
        epi ki kapab genyen ladan takinen moun nan oswa eksklizyon sosyal.  Entimidasyon repete vle di soufrans fizik ak panik
        sikolojik ki fèt toutan nan yon fason sistematik sou youn oswa plizyè lòt elèv oswa anplwaye lekòl la swa pamwayen kontak
        dirèk atravè rankont fas a fas moun ak moun, ak/oswa pa mwayen kominikasyon elektwonik oubyen aparèy teknolojik
        sou youn oswa plizyè elèv oswa sou anplwaye lekòl yo. Anplis, yo defini l kòm konpòtman fizik, vèbal oswa ekri ki endezirab
        oswa inakseptab k ap fèt toutan, swa sou fòm menas, jouman, oswa move jès imilyan, yon granmoun oswa yon elèv ap
        fè, ki grav oswa ki ofansif ase pou kreye yon sitiyasyon malèz, ostilite, entimidan oswa ofansif nan anviwònman lekòl la; ki
        kreye malèz oswa imilyasyon; oubyen ki anpeche, san jistifikasyon, patisipasyon ak pèfòmans moun nan nan lekòl la; ak ki
        gen dwa genyen ladan, pami plizyè lòt ankò: takinen moun, eksklizyon sosyal, menas, kraponnaj, zigonnay, vyolans fizik,
        vòl, pèsekisyon seksyèl, relijye, rasyal oswa etnik, imilyasyon piblik, kraze brize, domaj oswa destriksyon pwopriyete, mete
        yon elèv nan sitiyasyon kote li gen laperèz lòt moun kapab fè li mal oswa kraze byen li posede, ak pèsekisyon sibènetik,
        daprè jan prensip P-5.002 defini sa.

        Divès etap nan aksyon pitit ou a ta dwe poze si genyen moun k ap anmède l (konseye li) :

            •  Ou kapab ranfòse kapasite pitit ou lè w koute ak konsidere santiman l pou rekonèt sitiyasyon abi l ap konfwonte
               a pa nòmal, epi li bezwen jwenn èd pou kanpe move tretman sa yo.
            •  Tanpri, pa ankouraje pitit ou goumen oswa tire revanj. Vanjans pa janm bay bon rezilta epi byen souvan li plis
               agrave pwoblèm nan.
            •  Ankouraje pitit ou pou l rapòte sa pèsonèlman- Pale avèk pitit ou sou diferans distri a fè ant “tripotay” (espyone,
               denonse, akize, fè “koutlang”) ak “rakonte/rapòte”.  Esplike li “tripotay” vle di lè yon moun ap eseye lage yon lòt
               moun nan pwoblèm ekspre, pou yon senp bagay. “Rakonte” konplètman diferan paske l  vle di enfòme yon
               granmoun pou devwale yon move konpòtman ki imoral, malonèt, danjere, negatif, rayisab oswa menasan ki blese
               oswa fwase yon endividi oswa yon lòt moun. Si rakonte oswa rapòte sa bay yon granmoun parèt difisil pou pitit
               ou, ankouraje li mande yon lòt zanmi akonpaye li pou al rapòte pwoblèm nan bay yon manm estaf lekòl la.
            •  Ede pitit ou a ranfòse fason li afime valè tèt li.
            •  Si pitit ou kapab ekri, ankouraje l ekri yon rapò oswa ranpli fòm pou rapòte move tretman elèv ki lokalize nan
               direksyon an epi/oswa  ranpli yon  Bullying/Harassment Anonymous Drop-Box Report  (Fòm  anonim konsènan
               Entimidasyon/Asèlman)  epi lage li nan bwat rapò anonim  ki plase divès kote nan  lekòl la,  oswa ranpli Fòm
               entimidasyon/arasman sou entènèt la Bullying and Harassment Report. Rapòte se pa tripotaj lè entansyon an se
               pou avèti pwofesè ak/oswa administrasyon an sou nenpòt ak move tretman sou pitit ou oswa lòt moun.
            •  Rele Nimewo  Telefòn  Santral Anonim sou Entimidasyon  Safe  Schools pou  rapòte enkyetid konsènan
               entimidasyon (561) 434-8200.
            •  Toutan sa posib, ankouraje pitit ou pou l mache avèk zanmi.
            •  Si gen yon moun k ap entimide pitit ou sou entènèt oswa nan tèks mesaj l ap resevwa, ankouraje l pou li pa replike
               oswa bay repons, men ankouraje li pito pou l rapòte sa bay pèsonèl lekòl la.
            •  Ankouraje pitit ou pou patisipe nan klib oswa nan aktivite kote li kapab rankontre epi fè nouvo zanmi.



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       11 | Page
   12   13   14   15   16   17   18   19   20   21   22