Page 13 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 13

PREZANS/ABSANS

                                                        Règleman 5.09
                                          Y ap revize règleman sa a epi li kapab chanje.

        Elèv ki gen laj sizan (6 an) avan oswa nan dat premye fevriye nan ane eskolè sa a dwe ale lekòl chak jou pandan 180 jou
        ane eskolè a jiskaske li rive genyen sèzan (16 an) amwenske genyen yon eksepsyon. F.S. § 1003.21(1) ak F.S.  § 1003.24
        etabli paran timoun ki genyen laj  obligatwa responsab pou timoun nan ale lekòl chak jou. Lwa (SBER 6A-1.09513) deklare
        tou anplwaye lekòl, paran, elèv ak ajans leta rejyonal apwopriye swete kolabore ansanm pou asire yo aplike tout règleman
        sou prezans elèv yo, ki genyen ladan yo, men sa pa anpeche yo fè apèl ak lòt ajans leta rejyonal, chwazi pou pran aksyon
        legal posib kont absanteyis.  Lekòl yo ap kenbe dosye prezans elèv yo dapre SBER 6A-1.044. Vakans fanmi an pa yon ekskiz
        pou kouvri absans elèv yo.  (P-5.09 Tout elèv dwe gen yon Sètifika Vaksen nan dosye li avèk “Nan Rejis Vaksen Depatman
        Sante Florid (Florida Shots) amwenske paran elèv yo te siyen yon fòm (DH 1478)  Florida SHOTS Notification and Opt Out
        Form FDOH apwouve. Elèv ki pa t pran vaksen kont yon maladi transmisib jan lwa F.S. § 1003.22 mande l, pa dwe gen
        pèmisyon pou antre lekòl, san yon egzanpsyon espesifik pou absans. Pou l retounen lekòl, paran an dwe pote yon kat
        vaksen oswa prèv doktè a bay ki konfime elèv la pa genyen maladi kontajyez ankò, jan sa aplikab. (P-5.06)

        Lè pou Elèv Rive lekòl ak pou yo Vin Chèche yo
        Pou sekirite elèv la, paran yo dwe fè sèten yo pa kite timoun yo rive lekòl la avan lè ofisyèl pou lekòl kòmanse epi yo pa
        dwe rete nan lakou lekòl la aprè lè ofisyèl pou lekòl fèmen akoz pa gen sipèvizyon.  Tyeke avèk direksyon lekòl pitit ou a
        pou wè si genyen gadri disponib avan oswa aprè lekòl. Yo ofri pwogram gadri (SACC) pou timoun ki gen laj pou ale lekòl
        (P-8.131) ak Pwogram aprè Lekòl nan lekòl Entèmedyè ofri yon pwogram ki byen estriktire, san danje ak yon pwogram
        anrichisan a pri derizwa.

        Dwa Elèv yo
               ▪  konnen kòman règleman lekòl la defini ak jere absans motive, absans san motif ak reta;
               ▪  mande pou revize sanksyon pou yon absans san motif;
               ▪  fè devwa yo te rate nan jou yo te absan nan klas la; ak
               ▪  jwenn pwoteksyon kont maladi kontajyez ak enfeksyon pandan yo lekòl.

        Responsablite Elèv yo
        Elèv yo genyen kòm responsablite pou yo:
               ▪  vini lekòl ak rive nan klas alè;
               ▪  mande paran yo pou avize lekòl la, lè yo absan; ak
               ▪  mande pwofesè yo epi fè devwa ki te bay nan jou absans yo.

        Absans
        Avi Paran sou Absans nan Lekòl, Paran ak responsab yo responsab pou fè lekòl la konnen lè yon timoun pral absan epi
        pou enfòme lekòl la sou rezon absans lan nan ventkatrè.  Si pa t genyen yon avi avan absans la, yo dwe mande paran oswa
        responsab la pou l avize lekòl la sou koz absans la, yonfwa elèv la retounen lekòl.

        Absanteyis, motive ou pa, kèlkeswa rezon an afekte pwosesis aprantisaj la negativman. Toutotan elèv la ap absans, lekòl
        la gen yon pi gwo responsablite pou dekouraje absans alavni, epi elèv tou gen yon pi gwo responsablite pou yo demontre
        kòman absans pa t afekte metriz pèfòmans negativman.




         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       7 | Page
   8   9   10   11   12   13   14   15   16   17   18