Page 12 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 12

KONDISYON AKADEMIK POU KALIFIKASYON POU ATLETIIK

                                                         Règleman 5.60
                                                Y ap revize règleman sa a epi li kapab chanje.
                                                        Lekòl segondè
        Yon elèv lekòl segondè dwe genyen yon mwayèn jeneral kimilatif 2.0 (GPA) sou yon echèl 4.0, pou klas ki obligatwa pou
        gradyasyon nan lekòl segondè, nan fen chak semès, pou li kapab elijib akademikman pou l patisipe nan pwogram atletik
        entèskolè pandan pwochen semès la.

        Yon elèv ki elijib akademikman nan kòmansman yon semès sipoze elijib pou tout rès semès la, eksepte si li absan anpil
        fwa, si li gen move konduit oswa lòt rezon valab ki kapab fè direktè/tris lekòl la diskalifye elèv la avan semès la fini.
        Menmjan an tou, yon elèv ki pa elijib akademikman depi nan kòmansman semès la ap toujou rete inelijib akademikman
        pou tout rès semès sa a.

        Yon elèv limite ak kat (4) ane konsekitif pou elijiblite apati dat li kòmanse 9 yèm  ane pou premye fwa a.  Yon elèv ki gen 19
        an premye septanm oswa aprè, epi ki pa depase limit elijiblite katran li a kapab patisipe nan pwogram atletik entèeskolè
        pandan ane akademik sa a.

                                                       Lekòl Mwayen
        Yon elèv p ap kapab ale patisipe nan antrènman oswa konpetisyon si li pa fè mwayèn nan plis pase yon matyè pandan
        yon peryòd 9 semèn. Elèv la bezwen yon mwayèn jeneral 2.0 ansanm ak yon konduit apwopriye daprè jan direktè/tris la
        ak/oswa règleman lekòl la detèmine sa pandan peryòd 9 semèn avan an.

        Yon elèv ap elijib pou patisipasyon pou twa (3) ane konsekitif apati dat elèv la antre nan 6 yèm  ane pou premye fwa.  Nenpòt
        elèv ki rive nan laj 15 an avan 1  septanm nan ane akademik aktyèl la kapab soumèt yon dispans akoz difikilte bay direktè
                                   ye
        atletik lekòl la pou yo konsidere patisipasyon li.


                  KOURIKOULÒM AKADEMIKMAN AVANSE (DIFISIL) POU AMELYORE APRANTISAJ (ACCEL)

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach) ofri kèk opòtinite ki inik ak opsyon pou elèv nan plizyè nivo aprantisaj. Opsyon ACCEL yo
        ofri kourikoulòm akademik ki estimilan oswa ansèyman akselere pou elèv jadendanfan jiska 12 yèm  ane nan lekòl piblik ki
        kalifye. Distri a etabli kondisyon ak pwosedi pou kalifikasyon yo.  Gade Plan sou Pwogresyon Elèv la nan:  Plan Pwogrè
        Elèv.

        Dapre Lwa Florid § 1002.3105, opsyon ACCEL yo enkli, men san pa limite ak , sa ki pi ba la a:

             ▪  pwomosyon tout klas la ak nan mitan ane a;
             ▪  akselerasyon nan matyè ;
             ▪  ansèyman vityèl; ak
             ▪  Pwogram Akselerasyon Kredi (CAP ann anglè).

        Lòt opsyon pou akselerasyon kapab enkli, men yo pa limite ak konsantrasyon nan Syans, Teknoloji, Jeni, ak Matematik
        (STEM), Pwogram anrichisman, gwoupman fleksib, klas akademik avanse, klas konbine, ansèyman fleksib, kourikoulòm
        konpak, ansèyman kontni avanse, oswa kourikoulòm adistans.  Paran ak elèv dwe kontakte lekòl la pou enfòmasyon
        konsènan opsyon akselere yo ak kritè pou kalifikasyon yo.







         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       6 | Page
   7   8   9   10   11   12   13   14   15   16   17