Page 16 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 16

SÈVIS SOU SANTE MANTAL AK KONPÒTMAN

        Sante konpòtman ak sante mantal se yon pati enpòtan nan sante jeneral elèv ak byennèt ki gen ladan emosyonèl, sikolojik,
        ak byennèt sosyal depi nan anfans jiska adolesans. Lekòl yo gen pwofesyonèl byen fòme epi ki konpetan pou sipòte sante
        mantal elèv yo. Elèv, paran, ak anplwaye lekòl yo kapab refere elèv yo ak fanmi yo pou sèvis sante konpòtmantal. Moun
        ki bay sèvis sante konpòtmantal ki nan lekòl ak nan lokalite yo disponib pou ede. Pou refere yon elèv oswa fanmi yo pou
        sèvis sante konpòtmantal oswa mantal, tanpri kontakte Pwofesyonèl Sante Konpòtman Lekòl la oswa Konseye Lekòl la
        pou jwenn èd. Gen resous adisyonèl ki disponib tou sou sit entènèt Caring First Resource Site. Sipò pou konpòtman ak
        sante mantal ak resous pou elèv ak fanmi yo disponib 24 jou sou 7 lè w rele 988 oswa 211.

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te siyen Akò Sante sou Konpòtman ak anpil ajans sante konpòtmantal nan kominote a
        pou ede sipòte bezwen elèv yo ak fanmi yo. Kounye a, trant-sis (36) ajans kominotè gen Akò sou Sante Konpòtman (BHA)
        ak Distri Lekòl la. Akò sa yo bay sèvis konpòtman ak sante mantal nan lekòl pou timoun yo ak fanmi yo an kowòdinasyon
        ak Sistèm Sipò Multi-Tiered (MTSS)/Ekip ki Baze nan Lekòl la (SBT). Ou kapab jwenn enfòmasyon konsènan ajans kominotè
        ki gen yon BHA ak lòt resous Distri ki disponib sou konpòtman ak sante mantal nan Caring First Resource Site.

        Yo otorize estaf ki soti nan ajans sa yo travay avèk elèv yo endividyèlman ak an gwoup nan lekòl la; rankontre avèk Ekip
        Lekòl la (SBT); gade enfòmasyon ekip la itilize pou akamik, konpòtman ak disiplin.  Akò sa yo pèmèt ekspè yo ofri elèv ak
        fanmi nou yo asistans ak entèvansyon noumenm, kòm edikatè/tris, pa kapab ofri. Entèvenan sa yo kapab ede SBT idantifye
        baryè sosyal ak emosyonèl epi kreye bonjan entèvansyon.

        Ajans ak reprezantan yo dakò ak direktiv espesifik pou ekzekisyon pwogram epi yo dwe adere avèk sa ki pi ba la yo:

         Prezante idantifikasyon apwopriye (tankou badj ajans la AK badj vandè Komite Dirijan Lekòl la) bay estaf lekòl la,
            ●  Siyen nan rejis lekòl la pou chak vizit;
            ●  prezante yon pèmisyon paran an siyen, si sa aplikab;
            ●  rankontre direktè(tris)/reprezantan l pou detèmine lè, orè, ak/oswa lokal y ap ofri sèvis la;
            ●  kenbe direktè(tris)/reprezantan an okouran pwogrè elèv la;
            ●  vini nan reyinyon SBT, IEP, ak 504 yo, lè yo mande l; epi
            ●  kenbe tout bagay konfidansyèl.



                                         ENTIMIDASYON, ARASMAN AK TIT IX
                                             Y ap revize règleman sa a epi li kapab chanje.

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pran zak entimidasyon ak move tretman ak arasman trè oserye.  Tanpri gade règleman
        P-5.002 Komite Dirijan Distri Lekòl la, ki gen pou tit, pwoteje elèv yo kont Entimidasyon ak Arasman.

        Lwa Eta Florid 1006.147, yo rele tou Jeffrey Johnston Stand Up for All Students Act, egzije distri lekòl yo pou yo adopte yon
        règleman ofisyèl ki entèdi entimidasyon ak arasman sou elèv ak anplwaye sou teren lekòl la, nan evènman lekòl la
        patwone, ak atravè rezo òdinatè lekòl la. Komite Dirijan Lekòl P-5.002, entèdi entimidasyon ak arasman sou tout fòm, ki
        gen ladan entimidasyon sou entènèt jan sa defini nan Règleman an, epi li egzije pou tout lekòl ankouraje ak anseye elèv
        yo fason pozitif pou kominike sosyalman epi pou yo sonje konpòtman ki apwopriye pandan ane lekòl la.

        An 2014, eta a te pran yon desizyon ki mande pou distri a kreye yon lwa ki rele « Teen Dating Violence and Abuse » (Vyolans
        ak abi nan randevou adolesan).  P- 5.82 Komite Dirijan an, pèmèt elèv tout sèks ak oryantasyon seksyèl ki kwè yo te viktim
        oswa abize nan relasyon amoure ki te gen vyolans pou mande akomodasyon atravè kreyasyon Plan Pwoteksyon Elèv ki

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       10 | Page
   11   12   13   14   15   16   17   18   19   20   21