Page 15 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 15

Pwosedi: Paran ak responsab yo genyen responsablite pou fè lekòl la konnen lè yon timoun pral absan epi pou enfòme
        lekòl la alekri sou rezon absans lan nan 24 èdtan.
               Yo dwe rele oswa ekri paran(yo)/responsab (yo) nan telefòn oswa pa lapòs lè absans afekte nòt elèv yo.

        Metriz – Kou nan lekòl Mwayen(yo)

        Règleman ak Pwosedi Prezans nan lekòl Mwayen
        Elèv lekòl yo dwe prezan pandan yon tan minimòm (90%) pousan tan kou a pou jwenn yon nòt pasaj nan yon kou nan
        lekòl mwayen.  Elèv ki absan plis pase (10%) pousan tan kou a kapab jwenn yon nòt pasaj nan demontre metriz yo jan li
        dekri la a:

        Yo define metriz kòm:

               •  Fè yon minimòm nòt “D” pou trimes la; epi
               • pase evalyasyon chak trimès la ak yon minimòm nòt"D".

        Elèv ki demontre metriz avèk siksè ap resevwa nòt yo fè a epi evalyasyon pou trimès la pap enkli nan nòt la.

        REMAK: Elèv ki pa genyen yon nòt minimòm "D" pou trimès la kapab demontre metriz lè yo pase evalyasyon chak trimès
        la ak yon nòt minimòm 70% jan yo endike nan seksyon Opsyon Rekiperasyon Kou pou Elèv Lekòl Segondè yo. Elèv ki
        montre metriz avèk siksè atravè evalyasyon chak trimès la pral jwenn yon nòt D nan SDPBC Plan Pwogresyon Elèv pou
        peryòd sa a. Règleman prezans/absans nan lekòl segondè a aplike lè yon elèv nan lekòl mwayen enskri nan yon kou kredi
        lekòl segondè.

        Metriz – Kou pou kredi nan Lekòl Segondè (yo) – Elèv ki absan nan klas pou plis pase dipousan (10%) nan yon semès, dwe
        pase omwen yon peryòd nèf-semèn ak yon egzamen semestriyèl, yon fason pou demontre konesans yo akimile sou sijè a
        pou yo jwenn kredi.  Sa pa aplike pou anviwònman ansèyman vityèl oswa ki baze sou pèfòmans.

        REMAK: Si yon elèv absan plis pase 10% yon ane lekòl nan evalyasyon final yon kou EOC, elèv sa a dwe fè yon nòt pasaj
        nan katriyèm (4 yèm ) 9 semèn yo pou li kapab pase kou a.

        REMAK:  Pou enfòmasyon ki pi resan konsènan kondisyon sa yo, tanpri revize Règleman 8.01 -  Plan pou Pwogrè Elèv yo.

        Lisans Chofè (P-5.185-- Depatman Sikilasyon ak Veyikil amotè kapab revoke lisans chofè elèv ki genyen mwens pase 18 an
        ki kite lekòl oswa ki genyen 15 absans non motive nan 90 jou kalandriye a, oswa yo kapab pa ba yo yon lisans si yo aplike
        pou youn. Enfòmasyon adisyonèl sou pwosedi ak dispans disponib nan administrasyon lekòl la  oswa biwo konseye
        akademik yo. F.S. §§ 322.091; 1003.27(2)











         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       9 | Page
   10   11   12   13   14   15   16   17   18   19   20