Page 18 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 18

Si pitit ou ap entimide lòt moun:
            •  Fè l konnen klèman ou pran asèlman an oserye epi ou p ap tolere konpòtman sa a.
            •  Devlope prensip ak kondisyon ki klè nan fanmi ou pou konpòtman pitit ou a.
            •  Pase plis tan avèk pitit ou a epi suiv konpòtman li avèk swen.
            •  Devlope talan pitit ou a nan ankouraje l patisipe nan aktivite sosyal.
            •  Pale ak pwofesè, konseye pedagojik oswa administratè lekòl la pou konfwonte konpòtman sa a ann ekip.
            •  Si pitit ou a bezwen plis èd, pale avèk yon konseye oswa pwofesyonèl sante mantal.

        Sa w dwe fè si y ap entimide pitit ou a:
            •  Sa ki pi enpòtan, konsantre sou pitit ou. Tande l, sipòte l epi pran tout enfòmasyon ak fè ki konsène ensidan an.
            •  Rete  kalm epi fè rapò  ensidan an bay pwofesè pitit ou a,  konseye pedagojik, asistan direktè/tris ak/oswa
               direktè/tris la. Dokimante tout ensidan move tretman, abi, mechanste, ak/oswa zak derespektan vizavi pitit ou
               ak/oswa pitit ou komèt.
            •  Ranpli ak/oswa ankouraje pitit ou a ranpli yon Rapò Ensidan sou Asèlman/Pèsekisyon l ap jwenn nan direksyon
               lekòl la epi plase l nan Drop-Box la oswa ranpli fòm sou pwovokasyon ak arasman an sou entènèt nan Bullying
               Report. Rapòte se pa tripotaj lè entansyon an se pou avèti pwofesè ak/oswa administrasyon an sou nenpòt ak
               move tretman sou pitit ou oswa lòt moun.
            •  Rele Nimewo  Telefòn  Santral Anonim sou Entimidasyon  Safe  Schools pou  rapòte enkyetid konsènan
               entimidasyon (561) 434-8200.
            •  Mande pou yo enfòme w oswa mande yon reyinyon pou diskite fè yo ak detèmine aksyon pou pran epi sipòte tout
               elèv ki enplike pou anpeche ensidan an kontinye ak/oswa vin pi grav.
            •  Chèche resous ki pou ede w ranfòse rezistans pitit ou kont aktivite danjere.

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach, konfòme l ak Règleman sou non-diskriminasyon nan tout aktivite ak pwogram edikatif epi
        l ap lite afimativman pou l ofri menm opòtinite pou tout elèv jan sa etabli nan Règleman Komite Administratif pi ba yo. N
        ap chèche ofri opòtinite pou aprantisaj ki egal ak pwoteksyon pou chak elèv nou yo, kèlkeswa ras, koulè po, sèks, laj, orijin
        nasyonal oswa etnik, kwayans politik, andikap, oryantasyon seksyèl, jand, idantite, oswa orijin sosyal ak fanmi. Tout lekòl
        pa dwe gen okenn obstak ki pou ta entèfere avèk dwa pwofesè a pou anseye ak dwa elèv la pou l aprann.

        Dapre Tit VI, Tit IX, Seksyon 504/Tit II ak kèk lòt lwa sou dwa sivil, Distri a angaje l pou l ofri yon anviwònman edikatif ki pa
        gen okenn fòm diskriminasyon ak pwovokasyon,  enkli arasman seksyèl. Angajman sa a aplike pou tout operasyon,
        pwogram ak aktivite nan Distri a. Men Règleman ki pale sou sa pi ba a:

                       ●  Règleman 5.001: Pou Pwoteje Elèv kont Diskriminasyon ak Asèlman
                       ●  Règleman 5.002: Pou Pwoteje Elèv kont Entimidasyon ak Asèlman
                       ●  Règleman 5.81: Pou Pwoteje Elèv kont Arasman Seksyèl ak Diskriminasyon ki Baze sou Sèks
                       ●  Règleman 5.82: Vyolans oswa Abi nan Relasyon Amourez Adolesan

        Bousdetid Hope
        Lejislati Florid la te kreye Pwogram Bousdetid Hope pou bay timoun lekòl leta nan Florid soulajman kont entimidasyon ak
        vyolans. Bousdetid la bay paran yo opòtinite pou transfere pitit yo nan yon lòt lekòl piblik K-12 ki gen kapasite disponib
        nan distri lekòl la, resevwa yon bousdetid pou transpòte elèv la nan yon lekòl piblik ki gen kapasite disponib nan yon lòt
        distri lekòl, oswa pou mande yon bousdetid pou elèv la ale nan yon lekòl prive ki kalifye. Pou plis enfòmasyon, tanpri pale
        avèk anplwaye administratif lekòl pitit ou a oswa vizite Hope Scholarship Program.






         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       12 | Page
   13   14   15   16   17   18   19   20   21   22   23