Page 20 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 20

Chak pwogram etid CTE yo te prepare espesyalman pou elèv ki gradye epi ki prepare pou antre nan kolèj oswa pwofesyon,
        ki ofri yon fondasyon pou elèv yo kontinye avèk opsyon apre lekòl segondè tankou kolèj dezan oswa teknik, inivèsite
        katran, sèvis militè, oswa lòt fòs ouvriyè. Atravè CTE, plan pwofesyonèl elèv yo prepare epi kontwole souvan avèk swen
        pou gide tout aktivite sa yo pou bay elèv kontwòl sou objektif lavi yo. Nan ede elèv yo bati plan sou pwofesyon ki baze sou
        bonjan enfòmasyon, Sistèm Trajektwa Pwofesyon nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ankouraje elèv yo prepare pou
        pwofesyon ki gen anpil demann ak ki pi byen peye, ansanm ak sa ki pi koresponn pi byen ak talan ak enterè yo.

        Pandan li eksplwate talan ak konpetans endividyèl otan li kapab, chemen pwofesyon non sèlman ogmante chans elèv yo
        pou jwenn satisfaksyon pèsonèl, li ede garanti ekonomi lokal, leta, ak nasyonal nou genyen ouvriye ki kalifye pou sektè
        teknoloji domine, ki bezwen yo.

        Opòtinite pou Bousdetid
        Selon direktiv ki soti nan Depatman Ediksayon Florid, kapab genyen bousdetid ki disponib pou elèv ki enskri nan yon lekòl
        yo konsidere kòm yon lekòl k ap echwe, suivan Plan Edikasyon A+ (Nòt D oubyen F ak Entèveni). Yo voye lèt pou avize tout
        elèv ki elijib nan ete a. Yo voye aplikasyon yo bay tout elèv ki elijib yo, nan ete a. Aplikasyon yo enkli nan lèt avi a.

        Boustid Otonòm pou Fanmi
        Bousdetid Otonòm pou Fanmi (FES) bay fanmi yo opòtinite pou aplike nan yon lekòl prive k ap patisipe nan Pwogram
        Bousdetid sa a oswa pou yo resevwa yon bous pou transpò nan yon lekòl piblik ki diferan ak lekòl kote elèv la te plase.
        Lyen sa a gen enfòmasyon yo detaye epi li gen aplikasyon an:  Family Empowerment Scholarship.

        Nouvo Plasman
        Nouvo Plasman se transfè yo akòde aprè yo fin apwouve yon aplikasyon paran an te ranpli pou pèmèt elèv la ale nan yon
        lekòl ki pa nan zòn adrès kote li abite. Pou plis enfòmasyon, tanpri gade nan seksyon Transfè ki nan mànyèl enfòmasyon
        sa a.

        JROTC
        Kadè JROTC yo pral kreye yon pòtfolyo ki genyen yon koleksyon travay òganize ki baze sou reyalizasyon, pèsonalite,
        objektif, ak aspirasyon. Pòtfolyo a se yon zouti yon twazyèm pati founisè Cadet Portfolio Management ak/oswa atravè baz
        done gouvènman an bay.  Pòtfolyo yo pral bay konesans ak enfòmasyon sou reyalizasyon pèsonèl Kadè a ak pwogrè li
        reyalize Enstriktè yo pral fè sèten tout Kadè ak elèv k ap patisipe yo gen yon pòtfolyo epi yo pral diskite detanzantan sou
        prèv pwogrè ak amelyorasyon yo demontre nan pòtfolyo a.  Pòtfolyo yo pral gen ladan enfòmasyon espesifik sou chak
        Kadè, enkli men  ki pa limite a: Paj kouvèti pèsonèl, yon deklarasyon  misyon objektif yo, envantè fason aprantisaj,
        echantiyon travay akademik, plan aprantisaj ak evalyasyon nan leson fondamantal, pòtfolyo planifikasyon finansye, rezime
        kondisyon fizik, rezime ak referans, echantiyon prim, sètifika akonplisman ak lòt reyalizasyon, rezilta  defi Kadè, ak
        refleksyon nan pwojè aprantisaj sèvis.  Y ap kenbe pòtfolyo sou tout Kadè ki enskri nan pwogram JROTC a pou dire karyè
        JROTC yo dapre direktiv chak inite yo.

        Enskripsyon Jeneral
        Enskripsyon Jeneral Kontwole, jan Lwa § 1002.31, Eta Florid defini l, se yon chwa Enskripsyon Ouvè jeneral ki pèmèt
        paran/responsab legal timoun k ap antre nan klas K-12 opòtinite pou aplike nan yon lekòl (pa yon pwogram nan lekòl la)
        andeyò lekòl limit yo deziye nan ane eskolè ki vin apre a. Yo pa bay transpòtasyon pou elèv yo plase atravè Enskripsyon
        Jeneral. Distri a idantifye seleksyon lekòl ki disponib yo kòmsi yo pa rive nan kapasite yo etabli a dapre direktiv ki pibliye
        yo. Dat aplikasyon pou Enskripsyon Jeneral yo se nan sezon prentan epi yo pral afiche sou sit entènèt Ochwa ak Opsyon
        pou Karyè. Tout enfòmasyon aktyèl ki soti nan Depatman Ochwa ak Opsyon Karyè yo disponib nan: School Choice.






         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       14 | Page
   15   16   17   18   19   20   21   22   23   24   25