Page 19 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 19

LEKÒL OCHWA AK OPSYON POU KARYÈ
                                      Lwa Florid § 1002.20(6)(a); Règleman 5.015; Règleman 5.016

        Pwogram Opsyon Chwa ak Karyè pran angajman pou l ankadre elèv yo pouvwa epi sipòte fanmi yo pou yo pran desizyon
        edikasyonèl byen enfòme ki konsantre nan edikasyon k ap oryante yo nan chwa ak opsyon pwofesyonèl y ap fè aprè etid
        segondè pou yo kapab fè konpetisyon nan sosyete mondyal jodi a ki chita sou teknoloji. Nan yon efò pou prepare epi fè
        tout elèv yo gradye pou egzijans 21 yèm  Syèk la, elèv k ap antre nan klas Matènèl jiska Klas 12 yèm  ane gen opòtinite pou yo
        chwazi nan yon seri pwogram ki baze sou tèm ki ofri ansèyman akademik inovatè ak solid avèk pwofesè ki resevwa
        fòmasyon espesyal. Elèv yo kapab aplike pou youn oswa jiska de (2) pwogram ochwa oswa pwogram karyè ak edikasyon
        teknik (CTE) ak espas ki disponib apati premye semèn novanm nan chak ane. Seleksyon lotri owaza pou jwenn plas yo pral
        fèt nan sezon prentan chak ane atravè yon pwosesis lotri seleksyon plasman owaza ak lotri adisyonèl ki fèt pandan dat yo
        pibliye pa pita pase premye jou nouvo ane lekòl la. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ofri fanmi yo divès opòtinite pou yo
        chwazi pwogram yo santi kap pi byen sèvi enterè oswa bezwen edikasyon pitit (yo). Depatman Chwa ak Opsyon Karyè se:
        Pwogram Espesyalizasyon
        Pwogram Espesyalizasyon yo kreye yon anviwònman edikatif ki ankouraje eksplorasyon talan ak enterè, apresyasyon
        divèsite, ak kolaborasyon lakay elèv, pwofesè ak paran pou asire siksè elèv.  Pwogram Espesyalizasyon yo enkli, men pa
        sèlman, kontinyasyon Boza K-12, Bakaloreya Entènasyonal K-12, Kontinyasyon Bileng, pwogram STEM (Syans, Teknoloji,
        Jeni, ak Matematik) nan tout nivo, ak Syans Animal ak Anviwònmantal, Sante ak Byennèt, ak pwogram Montessori (STEM
        (STEM+Boza), nan nivo elemantè, ak pwogram Sante ak Byennèt.

        Pwogram Espesyalizayon ak akademi karyè nan lekòl entèmedyè ak segondè mande pou gen yon aplikasyon “Choice” epi
        seleksyon atravè yon pwosesis lotri. Pwogram sa yo disponib pou tout elèv, kèlkeswa zòn yo rete.  Yo bay transpò sèlman
        pou zòn yo te deziye yo. Transpò.

        Nan nivo lekòl elemantè, anpil lekòl ofri pwogram nan tout lekòl la pou moun sa yo ki abite nan zòn lekòl yo, epi elèv sa
        yo pa oblije jwenn admisyon atravè lotri Choice and Career Options Lottery.    Elèv ki pa rete nan zòn nan, ansanm ak say
        o ki nan pwogram ‘Dual Language’ (pwogram bileng), reyèlman bezwen mete yon aplikasyon. Pwogram yo rele ‘In-House’
        yo disponib sèlman pou elèv ki rete nan zòn lekòl ki genyen pwogram sa a.

        Tout elèv, kèlkeswa zòn yo rete a, kalifye pou patisipe nan pwogram first choice nan lekòl full choice sa yo: Suncoast
        Community High School, A.W. Dreyfoos Jr. School of the Arts, Don Estridge High Tech MS, Bak Middle School of the Arts,
        Morikami Park ES, Northboro ES, Poinciana ES, SD Spady ES, and Village Academy. tout elèv kapab aplike pou premye
        chwa (‘first choice’) nan yon pwogram 6-8 nan yon lekòl K - Klas 8 yèm . Pou jwenn plis enfòmasyon ak pou aplike, ale nan
        sit entènèt Depatman Espesyalizasyon ak Chwa Karyè.

        Pwogram Karyè ak Edikasyon Teknik (CTE ann Anglè)
        Pwogram sa yo prepare pou diplome elèv yo avèk yon fòmasyon pwofesyonèl wo nivo, ki byen peye ak nan domèn ki gen
        anpil demann. Majorite pwogram yo pèmèt elèv yo jwen sètifika endistri ki demontre aprantisaj teknik ki fondamantal
        ansanm ak konpetans. Pandan gen kèk pwogram ki egzije admisyon pa mwayen lotri oswa tirajosò pou antre nan pwogram
        Opsyon sou Pwofesyon ak Espesyalizasyon an, anpil lekòl segondè ofri pwogram pou elèv ki abite nan zòn lekòl yo ye a.

        Pwogram ak akademi CTE sa yo se yon konpozan yon sistèm global trajektwa pwofesyon nan Distri Lekòl Rejyon Palm
        Beach. Chak pwogram oswa akademi CTE fonksyone anba yon pwogram etid rigoure ki konbine sijè akademik ak teknik
        fondamantal yo anseye nan kontèks pwofesyonèl avèk opòtinite pou elèv yo patisipe nan eksperyans pratik ki pa nan sal
        klas – tankou òganizasyon elèv yo, vizite plas travay, edikasyon kowoperatif, ak/oswa entèn – ki angaje elèv yo dirèkteman
        nan mache travay, rann tan ki pase nan klas yo pi pratik.



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       13 | Page
   14   15   16   17   18   19   20   21   22   23   24