Page 21 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 21

SIVILITE


        Pou kapab ofri yon atmosfè ki san danje, kote ki gen lòd ak konsiderasyon pou tout moun, Distri Lekòl Rejyon Palm Beach
        la atann li pou tout moun k ap patisipe nan aktivite lekòl yo respekte youn lòt.  Respè mityèl, pwofesyonalis ak koutwazi
        se kalite esansyèl  tout moun  dwe demontre nan ankouraje  yon anviwònman lekòl san deranjman, diskriminasyon,
        arasman, pèsekisyon ni zak agresif. P-5.001, 5.002, ak 5.81.

        KONPÒTMAN ESPEKTATÈ NAN AKTIVITE ESPÒTIF YO
        Nou mande tout paran ak sipòtè k ap patisipe nan aktivite lekòl, enkli evènman espòtif nou yo pou gen bon konpòtman
        pozitif nan sipòte ak ankouraje elèv atlèt nou yo nan:

            ●  Plase byennèt fizik ak afektif elèv yo avan dezi pou ranpòte laviktwa a tou pri.
            ●  Bay bon Egzanp koutwazi espòtif epi ankouraje jwè k ap patisipe yo bay bon egzanp tou.
            ●  Ankouraje antrenè ekip yo ak responsab ki pase tan ak atlèt pou ede yo fè bon eksperyans ekstraeskolè
               yo renmen.
            ●  Swete pou atlèt yo trete lòt jwè, antrenè, responsab ak fanatik yo avèk respè, kèlkeswa ras, sèks,
               kwayans ak kapasite yo.
            ●  Ankouraje aktivite ekstraeskolè k ap fèt yo kòm pwolonjman eksperyans edikatif timoun yo.

        Lekòl la gen dwa anpeche nenpòt moun ki pa gen bon konpòtman vini sou lakou lekòl la oswa sou pwopriyete lekòl la.  ak
        Lwa Fonksyònman Asosyasyon Atletik Lekòl Segondè nan Florid yo. P-2.04 (9), F.S. § 1006.20 ak Lwa Fonksyònman Florida
        High School Athletic Association.

                                         DIREKTIV POU SÈVIS KOMINOTÈ YO

        Elèv nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach gen obligasyon pou akimile yon minimòm 20 èdtan sèvis kominotè pou yo gradye
        nan lekòl segondè.  Sèvis kominontè yo se kondisyon ki obligatwa tou pou jwenn kèk bousdetid. (tankou Bright Futures)
        ak lòt pwogram pou antre nan kolèj.  Objektif sèvis kominotè yo se pou elèv kapab angaje yo nan aktivite k ap ede yo
        devlope yon apresyasyon pou konsèp sèvis lekòl la oswa kominote a. Prensip pi ba yo dwe respekte pou patisipe nan
        aktivite yo konsidere akseptab pou sèvis kominotè:

                   ●  Sèvis kominotè defini kòm travay volontè non-peye pou yon ajans non-pwofi.
                   ●  Elèv kapab kòmanse akimile lè pou sèvis kominotè depi nan ete avan yo antre nan 9 yèm  ane.
                   ●  Tout kominote a dwe benefisye sèvis la.  Travay sèlman pou yon moun pa akseptab.
                   •   Lè yo dwe dokimante alekri, swa nan yon achiv pou sèvis kominotè ki komen (lekòl la bay) oswa yon fèy
                       avèk antèt òganizasyon w ap sèvi a bay.
                   •  Avi pou paran sou obligasyon pou sèvis kominotè nesesè.  Yon avi ki soti nan lekòl la ap enkli nesesite pou
                       enfòmasyon/sipèvizyon parantal pandan elèv yo angaje nan aktivite sèvis kominotè.
                   •  Elèv ki pa gen chans jwenn opotinite pou fè sèvis kominotè dwe jwenn opòtinite sa a nan likòl la.  Se
                       responsablite elèv la pou l fè Depatman Konseye Akademik lekòl la konnen li bezwen fè sèvis kominotè
                       nan lekòl la.
                   •  Tan ki pase nan òganizasyon ak koleksyon manje ki pa perisab, vètman, oswa koleksyon liv pou yon
                       kominote ki gen bezwen, kalifye pou sèvis kominotè.
                   ●  Yo kapab konsidere kòm sèvis kominotè sèvis pou ede yon kandida pou fonksyon piblik.
                   ●  Yo p ap bay moun k ap fè levasyon bèt pou yon òganizasyon ki pa gen pwofi pou plis pase 4 èdtan pa jou.
                   ●  Sèvis kominotè kapab gen ladan, men se pa sa sèlman, estaj nan yon biznis oswa nan biwo gouvènman,
                           travay pou yon òganizasyon sèvis kominotè non pwofi, oswa aktivite nan non yon kandida pou pòs piblik.

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       15 | Page
   16   17   18   19   20   21   22   23   24   25   26