Page 24 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 24

Kèk nan Rezilta Pwogram Entèvansyon sou Konpòtman an enkli men li pa limite ak:
            1.  Kenbe sispansyon an nan tout aspè li.
            2.  Modififikasyon penalite yo enpoze yo.
            3.  Anile sispansyon an epi retire sispansyon an nan dosye elèv la.

        Paran yo dwe resevwa notifikasyon sou desizyon apèl la.  Avi: “… [V]yolans ki fèt kont kèlkeswa manm pèsonèl lekòl la
        kapab lakoz lekòl la bay elèv la sispansyon pou pa vini lekòl la, ekspilse li oswa pran lòt aksyon disiplinè ki kab menm
        genyen pousuit legal ak chaj kriminèl ki pran kont li.”  (P-5.81)

        Apèl sispansyon ki lakòz yon Rekòmandasyon pou Ekspilsyon oswa Plasman pou Ensidan Grav oswa kite pwogram Ochwa,
        yo p ap gen dwa pou yon apèl nan Biwo Rejyonal la, men yo pral kapab suiv yon pwosesis apèl ki dekri nan règleman sa
        yo.

                                PWOGRAM SOU LYEZON EDIKASYON NAN TRIBINAL

        Pwogram Lyezon Edikasyon nan Tribinal:  Kenzyèm (15 yèm ) Awondisman Jidisyè Eta Florid

               Depatman “Safe Schools” ofri  Lyezyon Edikasyon  Tribinal bay  moun yo voye nan  Divizyon Jivenil 15 yèm
               Awondisman Jidisyè Tribinal la. Anplwaye distri sa yo patisipe nan Prosedi tribinal depandans ak delenkans la nan
               non elèv rejyon Palm Beach yo. Lyezyon Edikasyon tribinal la fè sa ki anba la yo:

            •  Ede nan tout pwosesis tribinal pou depandans ak delenkans.
            •  Entèprete dosye edikatif epi defann elèv
            •  Kolabore ak Depatman Timoun ak Fanmi nan tribinal jèn moun
            •  Kowòdone pake enfòmasyon edikasyonèl pou elèv lè y ap parèt nan tribinal
            •  Ede paran/responsab jansadwa konsènan enskripsyon elèv
            •  Avize paran/responsab la sou obligasyon kontak ak enskripsyon nan lekòl si li pa aktivman enskri
            •  Avize Kowòdonatè tranzisyon an sou enskripsyon oswa devwa ki pa ko fèt
            •  Avize kontak pou devwadmezon lekòl la ki apwopriye, konsènan devwadmezon/enskripsyon elèv ki poko fèt,
               atravè imèl ak kontak telefòn
            •  Jwenn enfòmasyon kontak pou Ofisye Pwobasyon Jivenil (jènmoun) ak obligasyon ki gen rapò ak lekòl jan sa
               aplikab epi bay kontak lekòl regilye a
            •  Pataje enfòmasyon avèk paran/responsab ak elèv konsènan devwa edikatif ak opsyon gradyasyon
            •  Fè suivi kontini epi sipòte elèv DJJ ak fanmi yo jan yo mande sa
            •  Patisipe nan reyinyon jistis jivenil ak nan komite jan yo mande w sa
            •  Eksplore patenarya biznis ak kominote pou sipòte inisyativ pou elèv enskri nan pwogram DJJ/ Sèvis Adolesan


















         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       18 | Page
   19   20   21   22   23   24   25   26   27   28   29