Page 22 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 22

Men kèk egzanp yo pa kapab konte kòm sèvis kominotè:
                   ●  Tan ki pase nan repetisyon pou patisipe nan yon aktivite boza oswa pwogram pèfòmans.
                   ●  Tan ki pase nan pratike espò ak fanfa.
                   ●  Reyinyon klib pou òganize aktivite pou sèvis kominotè.
                   ●  Bay manje oswa atik konsèv pou resevwa lè pou sèvis kominotè.

        Paran yo pa kapab siyen pou verifye patisipasyon pitit yo nan aktivite sèvis kominotè.

        Se elèv la, paran oswa responsab elèv la, ak yon reprezantan òganizasyon kote elèv la te fè travay volontè ki dwe siyen
        dokiman ki montre kantite èdtan ak dat sèvis yo.

        Lekòl yo ta dwe gen lè sèvis kominotè yo antre nan dosye elektwonik elèv la nan de (2) semèn apre yo soumèt li.

        Pou Kondisyon Bright Futures SÈLMAN
                   •  Elèv yo dwe jwenn swa sèvis volontè yo mande yo (itilize kritè ki dekri pi wo a), lè travay peye, oswa yon
                       konbinezon toulede.
                   •  Lè sèvis volontè yo ak lè travay peye yo pa kapab lè elèv la benefisye finansye oswa materyèlman pandan
                       li te nan sèvis manm fanmi yo defini kòm: paran, granparan, frè ak sè, matant, tonton, kouzen, nyès, neve,
                       ak mari oswa madanm, ki gen ladan relasyon ak moun yo te deja mansyone yo.
                   •  Ajans kote yo te touche èdtan sèvis volontè yo oswa lè travay peye yo dwe bay sou papye antèt ajans yo
                       ki montre kantite èdtan ak dat sèvis oswa travay peye yo te konplete. Lè yo pa kapab jwenn yon lèt, elèv
                       yo kapab soumèt yon kopi resi chèk peman yo.
                   •  Refleksyon: Elèv la dwe, atravè papye oswa lòt prezantasyon, evalye ak reflechi sou sèvis volontè yo oswa
                       eksperyans travay peye.
                   •  Elèv yo kapab kòmanse akimile lè travay peye depi 27 jen 2022.
                   •  Travay peye kapab enkli, men se pa sa sèlman, estaj nan yon biznis oswa nan biwo gouvènman, travay
                       pou yon òganizasyon sèvis kominotè san pwofi, oswa aktivite sou non yon kandida pou pòs piblik.
                   •  Se Direktè/tris lekòl oswa reprezantan li oswa Depatman Edikasyon pou elèv edikasyon adomisil ki dwe
                       apwouve sèvis volontè oswa travay peye.

        Se elèv la, paran oswa responsab elèv la, ak yon reprezantan òganizasyon kote elèv la te fè travay volontè a oswa travay
        ki peye l la, ki dwe siyen dokiman ki montre kantite èdtan ak dat sèvis yo.
















         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       16 | Page
   17   18   19   20   21   22   23   24   25   26   27