Page 25 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 25

KÒD ABIMAN

                                                        Règleman 5.182
        Se yon fonksyon fondamantal distri a pou l kreye epi mentni yon anviwòman edikatif pozitif nan dedye atansyon l sou
        aprantisaj, ogmantasyon sekirite nan Lekòl, ankourje bon konpòtman ak disiplin, ak redui deranjaman ak distraksyon.
        Komite Dirijan an kwè abiman apwopriye ak swen pèsonèl kontribye nan yon anviwònman aprantisaj ki   pwodiktif epi
        efikas. Donk, tout elèv byen penyen epi abiye yon fason apwopriye pou laj yo, klas, lekòl ak aktivite nan lekòl yo.

        Abiman ak kwafi ki potansyèlman deranje anviwònman edikatif la oswa pwogram lekòl la kreye yon distraksyon ki entèfere
        ak pwosesis edikatif la oswa aktivite klas oswa prezante yon danje pou sante oswa sekirite elèv yo oswa kominote lekòl
        la, entèdi. Se direktè/tris la oswa reprezantan li ki detèminesa ki konstitye yon danje pou sekirite oswa sante, oswa ki
        konstitye yon distraksyon pou elèv yo nan yon aktivite nan klas, oswa konstitye yo deranjman nan yon pwogram lekòl
        oswa antretyen eksesif pwopriyete lekòl la Direktè/tris la oswa reprezantan li dwe genyen otorite final pou deside si
        abiman yon elèv respekte kòd abiman oswa inifòm la epi li dwe itilize diskresyon nan entèprete ak aplike pwovizyon
        règleman sa a. Kòd abiman ak inifòm jan li dekri anba la dwe aplikab pou Distri a.  Anplis, lekòl yo kapab genyen egzijans
        adisyonèl pa yo dapre P- 5.182

        Kòd Abiman pou Elèv nan Tout Distri a
        Pou ede kreye yon meyè anviwònman aprantisaj pou elèv distri a, yo dwe obsève Kòd Abiman Elèv nan tout lekòl distri
        yo. Kòd sa a etabli yon minimòm prensip sou abiman nan tout distri a ki ta dwe aplike menm si yon lekòl adopte yon
        estanda ki espesifik ak lekòl la sou abiman ki pwòp a lekòl la oswa yon estanda (inifom) ki pi wo daprè kòd sou abiman ki
        nan Règleman sa a. Espesifikman, abiman ki pi ba yo Inakseptab nan tout lekòl distri a:

           i.   Abiman ki gen langaj oswa imaj ki gwosye, vilgè, pwofàn, obsèn, seksyèlman eksplisit, oswa seksyèlman sigjestif.
          ii.   Abiman ki genyen senbòl, deviz, mo oswa akwonim ki ensite konpòtman vyolan oswa ilegal, tankou senbòl gang,
               itilizasyon zam ilegal, dwòg, alkòl, tabak, oswa dwòg parafenalya, oswa vètman ki genyen menas ladan.
          iii.   Abiman ki asosye ak diskriminasyon sou baz laj, koulè, andikap, orijin nasyonal, oryantasyon seksyèl, estati
               marital, ras, relijyon, oswa sèks.
          iv.   Vètman ki tradisyonèlman fèt kòm souvètman, tankou kalson long oswa pijama, pa dwe mete kòm abiman.
          v.   Vètman ki seksyèlman sigjestif oswa revelatè (kòm egzanp genyen, men ki pa limite ak, vètman kalekò,
               souvètman deyò, rad ki dekòlte twò ba, chemizèt, rad san do, ak materyèl transparan.
          vi.   Vètman ki kapab itilize kòm zam, enkli men pa sèlman limite ak soulye pwent an fè; chèn laj, long oswa ki lou
                    oswa lòt chèn; oswa mouchako; atik ki pwenti; lòt objè ki pa apwopriye dapre kondisyon chak lekòl.
         vii.   Objè nan vètman ki lakoz pwoblèm antretyen eksesif pou pwopriyete lekòl la, tankou, soulye zepon ki grave
               planche oswa dechire kapèt, pantalon ak rivèt an metal ki grave mèb, elatriye
         viii.   Vètman ki, poutèt yo pa byen chita, tay, koulè, tisi, pa kouvri kò byen, oswa kèk lòt rezon, kreye dezòd nan klas
               oswa lekòl, oswa devye atansyon lòt elèv oswa elèv nan nenpòt lòt klas ki an sesyon ak yon leson y ap anseye
               oswa nenpòt lòt aktivite lekòl la bay, oswa ki kreye yon pwoblèm sante oswa sekirite pou nenpòt elèv nan lekòl
               la.
          ix.   Mete bijou ki prezante risk pou sekirite oswa sante oswa lakoz you deranjman majè nan pwosesis edikatif la. Kèk
               egzanp kapab chèn ki pandye nan pòch sentiwon oswa ki tache nan bous.
          x.   Soulye ki pa bay pwoteksyon adekwa oswa mezi ijyenik
          xi.   Yon elèv ki pa mentni ijyèn pèsonèl nan pwòpte, aparans, oswa vètman pwòp nan pwen kote prezans li nan klas
               kreye pwoblèm oswa dezòd nan lekòl oswa distraksyon pou lòt elèv ki gen devwa/aktivite pou fè nan klas, y ap
               mande l pou l kenbe yon nivo pwòprete, aparans, prezantasyon, oswa mete rad pwòp, pou elimime dezòd oswa
               distraksyon lòt elèv nan klas la.






         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       19 | Page
   20   21   22   23   24   25   26   27   28   29   30