Page 23 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 23

Egzijans 2023-24

                                     Nivo Prim       Kantite lè sèvis   Kantite lè travay yo
                                                     volontè sèlman         peye oswa
                                                                         konbinezon toude

                                        FAS                100                100



                                        FMS                75                 100


                                        GSC                30                 100


                                        GSV                30                 100




        *Tanpri ale nan https://floridabrightfutures.gov/  pou plis enfòmasyon sou kondisyon Bright Future




                                              PLENT AK DWA POU FÈ APÈL


        Komite Dirijan Lekòl Rejyon Palm Beach kwè nan tretman ekitab pou TOUT elèv epi nan ofri yon anviwònman aprantisaj
        ki pa genyen okenn pratik enjis oswa diskriminatwa.  Li etabli metòd oswa fason pou trete dosye plent sou disiplin ak fason
        pou rezoud pratik diskriminatwa yo.

                                  DWA                                         RESPONSABLITE

                Elèv yo genyen dwa pou rapòte epi pote plent  Elèv  yo genyen responsablite  pou konnen epi  suiv
               sou diskriminasyon oswa pèsekisyon.            pwosedi pou pote plent



        Pwosedi
        Tout lekòl yo fonksyone daprè prensip Règleman ofisyèl Distri Lekòl la; kopi Règleman sa yo disponib nan sit tout lekòl
        yo oswa nan  School Board Policies.   Tanpri refere w a P-5.001, 5.002, and 5.81 pou enfòmasyon sou pwosedi pou pote
        plent  pou diskriminasyon oswa pèsekisyon yo sispèk.  Pwosedi sa yo pa anpeche moun nan okenn fason al depoze plent
        nan leta federal oswa ajans leta ki apwopriye a.

        Pwosedi Apèl pou Sispann Elèv nan lekòl oswa Transpò
        Direktè/direktris la dwe avize paran oswa responsab yo, nan lang natif natal yo, sou pwosedi apèl pou sispansyon. Apèl la
        dwe fèt dabò bay direktè/tris lekòl la nan 24 èdtan apre sispansyon an. Direktè/tris lekòl la dwe pran yon desizyon nan
        lespas 24  èdtan apre li resevwa apèl la. Si paran  yo pa dakò ak desizyon  direktè/tris la,  yo kapab  fè apèl devan
        Sipèentandan Rejyonal la oswa moun li deziyen an. Konferans lan dwe òganize pi vit posib apre demann paran an. Pandan
        peryòd apèl la, sispansyon an rete anvigè pou kantite tan yo deziyen an.

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       17 | Page
   18   19   20   21   22   23   24   25   26   27   28