Page 66 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 66

Premye amandman an, anjeneral, pwoteje dwa endividi a pou patisipe nan aktivite medya sosyal. Sepandan, lalwa ak
        tribinal òdone lekòl kapab disipline elèv ak manm estaf si pawòl yo di sa enkli materyèl yo poste lè yo pa sou kanpis la,
        materyèlman ak sibstansyèlman deranje operasyon lekòl la, rezonableman ta sanble yon deranjman  materyèl ak
        sibstansyèl lekòl la, konstitye kòm yon vyolasyon kèk lwa federal oswa eta oswa Komite Distri Lekòl la ki enpòtan.

        Paske medya sosyal yo konekte ak odyans ki pi lwen pase kominote a epi kapab kreye enpresyon ki dire lontan, elèv yo
        dwe pran tout responsablite lè y ap itilize sit entènèt medya sosyal yo epi responsab pou desizyon yo pran. Elèv yo pa ta
        dwe poste oswa lye anyen ak sit entènèt rezo sosyal yo kote yo pa ta renmen kondisip yo, pwofesè yo, dirijan admisyon
        nan inivèsite yo, oswa anplwayè alavni yo wè. Elèv yo ta dwe fè sèten yo kontwole aksè nan kont prive yo kreye a, pa janm
        pataje enfòmasyon pèsonèl yo ak pati yo pa konnen sou sit entènèt ki san sekirite epi pwoteje modpas ki itilize sou sit
        entènèt yo.

        Evite defòme idantite yon lòt moun Elèv yo dwe sonje pou yo respekte lòt moun. Lè w ap reponn yon lòt moun kote ou
        pa dakò, fè sèten kritik la konstriktif epi li pa blesan. Fè atansyon ak langaj pwofàn, obsèn, oswa menasan.

        Si itilizasyon oswa postaj nan yon sit entènèt medya sosyal kreye yon pwoblèm sibstansyèl ak materyèl nan yon lekòl,
        kèlkeswa lè ak kote li te ye lè postaj la t ap fèt, elèv la ap sibi yon sanksyon estanda pou move konpòtman li dapre sa ki
        ekri nan Kòd Konduit Elèv la.


          KOLEKSYON, ITILIZASYON AK PIBLIKASYON ENFÒMASYON SOU NIMEWO SOSYAL SEKIRITE
                                                     ELÈV AK PARAN
        Distri lekòl la gen otorizasyon pou kolekte, itilize oswa pibliye enfòmasyon sou nimewo sekirite sosyal (abreje SSN ann
        anglè) elèv oswa paran yo*** pou rezon sa yo, lalwa note kòm rezon obligatwa oswa lalwa otorize pou pran enfòmasyon.
        Se oubyen lalwa otorize dirèkteman koleksyon SSN, oubyen li endispansab pou akonpli devwa ak responsabilite Distri lekòl
        la jan lalwa mande sa F.S. § 119.071(5) (a) 2 & 3} & (P-3.09)
            1.  Enskripsyon elèv ak nimewo idantifikasyon yo [Oblije fè rekèt dapre lwa Florid §1008.386 §1008.386 ak F.S. §
               119.071(5)(a) 6.1008.386 li note kòm yon eksepsyon: Men, yon elèv ba oblije bay nimewo sekirite sosyal kòm
               kondisyon pou enskripsyon oswa gradyasyon.”]
            2.  Enskripsyon nan yon pwogram edikasyon pou granmoun.  [Dapre lwa administratif Florid  6A-10.0381, si li
               disponib ak /oswa idantifikasyon elèv la, dapre lwa Florid § 119.071(5) (a) 6.]
            3.  Suiv elèv granmoun ki enskri nan pwogram etid siperyè.  [Dapre lwa administratif 6A-1.0955 (3) (e), ak lwa Florid
               Stat. § 119.071(5) (a) 6.]
            4.  Verikasyon dosye kriminèl nivo 1 ak nivo 2 /Idantifikasyon pou Depatman lapolis trete anprent dijital yo/
               Enfòmasyon sou enskripsyon konsènan predatè ak delenkan seksyèl lwa Florid § 943.04351 otorize, si genyen
               SSN ki disponib. § 943.04351, if SSN is available. [ak lwa florid § 119.071(5) (a) 2 6.]
            5.  Rapò sou elèv yo oblije soumèt bay Depatman Edikasyon Florid (DOE). lwa F.S.  § 119.071(5) (a) 2 & 6} & (P-3.09)
               otorize
            6.  Reklamasyon pou domaj oswa deli sivil kont Komite Dirijan Distri lekòl la. [Required by F.S. lwa F.S § 768.28(6)
               and F.S. § 119.071(5) (a) 6.] egzije § 119.071(5) (a) 6.]
            7.  Itilizasyon enfòmasyon sou veyikil a motè Depatman Motè Veyikil pou distri a ranpli fonksyon li ak pou li verifye
               si enfòmasyon ajan oswa anplwaye distri a soumèt ba li,  tankou pou li anpeche fwod, ki konekte ak
               envestigasyon sou asirans, ak pou verifye pèmi kondui komèsyal. [Dapre lwa federal 18 U.S.C. 2721 ak lwa Florid
               Stat. § 119.071(5) (a) 6.]
            8.  Enfòmasyon ki soti nan Depatman Edikasyon Nasyonal Eta Florid pou eseye lokalize timoun ki lekòl nan Florid
               ki disparèt. [Dapre lwa Florid 6A-6.083 ak Fla. Stat. § 119.071(5) (a) 6.]



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       56 | Page
   61   62   63   64   65   66   67   68   69   70   71