Page 63 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 63

Sou-seksyon (2) menm chapit Lwa a mete limit nan devwa sipèvizyon Distri Lekòl la nan tèm sa yo:

        Kontak tanporè oswa okazyonèl ant anplwaye Distri Lekòl la ak elèv yo pa kapab okazyone yon devwa legal pou
        sipèvizyon andeyò tan rezonab ki tabli nan chapit sa a… Paran yo pa ta dwe konte sou plis sipèvizyon. Travay
        sipèvizyon pa ta dwe pwolonje pou lòt moun eksepte pou elèv ki nan yon lekòl ak elèv ki genyen otorizasyon pou yo
        patisipe nan aktivite lekòl la patwone.

        Komite Dirijan Lekòl la pa pran responsablite pou sekirite sekirite elèv la lè li pa sou kontwol ak sipèvizyon Distri Lekòl la
        nan sikonstans nou dekri pi wo a.  Sa enkli lè yon elèv ap patisipe nan yon aktivite lekòl la pa patwone oswa yon
        evènman ki pa genyen rapò ak lekòl. Paran yo resposab pou tout aktivite yo patwone pou elèv yo lakay yo, tankou fèt.

        Yo fè paran ak elèv konnen jan règleman State Board of Education Rule 6A-3.0121

            1.   Pou garanti sekirite elèv yo lè y ap vini lekòl oswa retounen lakay yo, kote elèv yo pa anba sipèvizyon ak
                kontwol distri lekòl la, enkli pandan chak vwayaj ant lekòl ak lakay yo, ak estasyon bis yo te endike lè distri lekòl
                la bay transpò.
            2.   Pou garanti elèv yo monte sèlman nan bis yo endike yo epi desann nan estasyon yo endike yo, eksepte lè Distri
                a te apwouve bis oswa aranjman altènatif.
            3.   Pou garanti elèv yo okouran epi yo suiv Kòd Konduit Elèv la pandan yo nan estasyon bis (Règleman Komite
                Dirijan 5.186) ak pou bay sipèvizyon ki nesesè nan moman bis pa la.
            4.   Pou garanti, lè andikap yon elèv anpeche l monte ak desan bis la san èd, paran ofri èd ki nesesè a pou elèv la
                monte ak desann bis la nan estasyon an, jan règleman Distri a oswa Plan edikasyon endividyèl elèv la mande l.



























         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       53 | Page
   58   59   60   61   62   63   64   65   66   67   68