Page 70 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 70

Prensip pou Fè Rapò sou Elèv
        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pral itilize Sistèm Rapò Ensidan Sekirite Anviwònman nan Tout Florid la (SESIR ann anglè),
        pou rapòte done sou sekirite ak disiplin nan Lekòl.

        Yo dwe enkli ensidan yo nan rapò lekòl sou done sekirite ak disiplin.  Rapò a dwe mansyone chak ensidan, konsekans sa
        te anjandre, enkli disiplin, entèvansyon ak rekòmandasyon.

        Distri lekòl la ap bay Depatman Edikasyon Florid done sou ensidan entimidasyon, disiplin, ak rekòmandasyon, nan dat yo
        deziye.

        Sipò pou Konpòtman Pozitif (PBS)
        PBS se yon estrikti nivo 3 ki baze sou evidans yo te kreye pou amelyore epi entegre tout done, sistèm ak pratik ki afekte
        rannman elèv chak jou. Estrateji li yo ki baze sou evidans sèvi pou minimize konpòtman pwoblematik epi maksimize kalite
        lavi nan anseye nouvo teknik, kiltive yon etadespri, epi fè chanjman nan anviwònman yon moun.

        Daprè Association of Positive Behavior Support, PBS konbine:

            ●  Rezilta yo valorize;
            ●  Syans konpòtman ak biyomedikal;
            ●  Pwosedi yo valide; ak
            ●  Chanjman sistèm pou ogmante kalite lavi epi redui pwoblèm konpòtman. (APBS, 2021)

        Safe : (San danje) nou suiv tout pwosedi ak sa yo swete pou garanti sekirite nou ak sekirite lòt moun

        Accountable : (Responsab) nou responsab pwòp aksyon ak chwa nou fè chak jou

        Fidelity (Fidelite) : nou pran angajman pou edikasyon ak aprantisaj pa janm fini


        Excellence (Ekselans) : nou eksele nan tout sa n ap fè epi echèk pa janm yon opsyon




















         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       60 | Page
   65   66   67   68   69   70   71   72   73   74   75