Page 69 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 69

“Chanjman nan kilti’’ yon lekòl pou l vin ofri yon klima pozitif ki sipòte akonplisman akademik epi ki pwomouvwa ekite,
        sivilite, akseptasyon divèsite, ansanm ak respè mityèl. Komite Dirijan Rejyon Palm Beach la te adopte epi l ap enplemante
        estrikti pou sipòte yon Konpòtman Pozitif nan tout lekòl la (PBS) pou asiste nan efò sa yo.

        PBS se yon pwogram disiplin ki baze sou evidans ak rechèch ki fè prèv yo, ki mete anfaz sou sistèm sipò nan tout lekòl.
        Plan SwPBS a mete aksan sou fason pou anseye elèv yo konpòte yo ki kapab ede yo fè pwogrè akademik, reyisi lekòl yo,
        ak ankouraje yon atmosfè lekòl kote elèv y oak estaf anplwaye lekòl yo pran responsabilite yo ak respekte youn lòt. PBS
        mete anfaz tou sou bezwen pou estaf lekòl la pwomouvwa konpòtman ki apwopriye nan ansèye, bay ekzanp, ak ranfòse
        konpòtman apwopriye ak trete move konpòtman ki pa grav kòm ‘’okazyon pou edike” elèv la.

        Kisa Gid sou Disiplin nan ye andedan Kòd Konduit Elèv la?
        GID SOU DISIPLIN nan se yon enstriman dirijan yo genyen pou reponn kòm sa dwa lè elèv yo komèt kèk enfraksyon
        disiplinè, dapre Kòd Konduit Elèv la. Ekipman sa a prepare pou ofri konsistans nan tout nivo atravè Distri a yon fason pou
        disipline elèv yo ekitableman soti nan yon lekòl ak yon lòt lè konpòtman egzije disiplin andeyò klas.

        GID SOU DISIPLIN nan pa aplike nan jesyon klas dapre jan pwofesè mande l, men okontrè kòm yon etap pwogresif lè yon
        elèv vyole lwa ki mande pou yon direktè/tris ak/oswa reprezantan l pou enpoze kèk konsekans.  Kèk vyolasyon nan lwa yo
        tankou posesyon zam, agresyon, asèlman seksyèl, egzije aksyon inisyal Administratif tousuit.

        GID SOU DISIPLIN nan prepare pou asiste w ak pitit ou a nan konpreyansyon konsekans yo nan lè gen vyolasyon lwa yo
        lekòl la.  Pandan gen pi fò paran ki pa p bezwen familye ak gid sou disiplin, Komite Administratif ak Distri a vle asire pou
        paran yo okouran sou aksyon dirijan yo nan lekòl la lè elèv yo mal konpòte yo.

        GID DISIPLIN nan pèmèt dirijan yo bay pinisyon yo, nan kèlkeswa lekòl pitit ou a ye.  Lè yon elèv gen miltip vyolasyon nan
        yon sèl ensidan, tankou goumen avèk yon zam, dirijan an ap enpoze konsekans ki pi sevè yo.

        Menmjan avèk Kòd Konduit pou Elèv la, avoka distri a revize GID la chak ane, enkli paran, pwofesè, administratè, konseye,
        ak lòt reprezantan kominotè yo.

        Ensidan ‘’Discipline Referral’’ (reprimann ki dokimante nan dosye elèv la) yo nan Rejyon Palm Beach la klasifye kòm
        enfraksyon Nivo 1, Nivo 2, Nivo 3 oswa Nivo 4. Lè gen yon desizyon sou ki aksyon disiplinè k ap pran, direktè/tris oswa
        moun li deziye a ap konsidere laj elèv la, eksepsyonalite l, estati ELL li, konduit pase li, entansyon l, ak gravite ensidan
        an.

        Yo mande dirijan yo pou pwodige disiplin nan yon fason pwogresif.  Prensip ki mansyone la yo se pou itilize aksyon ki
        mwen sevè a men ki apwopriye pou move konpòtman an.  Dirijan yo kapab ogmante severite konsekans la si move
        konpòtman an kontinye.

        ENDS=Electronic Nicotine Delivery System (Sistèm Elektwonik pou Aspire/Respire Nikotin)
        ENDS, yo rele sigarèt tou “electronic cigarettes, e-cigarettes, vaping devices, or vape pens”; se aparèy ki mache ak batri
        yo itilize pou pouse lafimen oswa vapè, “vape”, yon konpozisyon awomatik ki gen nikotin oswa THC abityèlman.  Distri
        Lekòl Rejyon Palm Beach la entèdi itilizasyon, posesyon, mete nan depo, oswa vann aparèy ENDS.  Gade pati Kòd Konduit
        Elèv la pou w jwenn plis enfòmasyon.






         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       59 | Page
   64   65   66   67   68   69   70   71   72   73   74