Page 65 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 65

POLIS LEKÒL - WÒL AK RESPONSABLITE
        Konstitisyon Florid ekzije lekòl nou yo pou bay yon anviwònman aprantisaj ki pezib epi san danje. Pou sa kapab fèt, distri
        nou an te tabli yon depatman polis an 1972, ki plase pou pwoteje epi sekirize lekòl nou yo ak pwopriyete distri yo.

        Nou administre yon sant kontwol ak kòmand pou tout rejyon an ki reponn kesyon ak demann pou repons lapolis.  Anplis,
        nou gen polis ki plase nan plizyè lekòl nou yo, osibyen kèk ekip K-9, inite sou motosiklèt k ap ranfòse lwa sikilasyon, ak
        inite pou repons rapid ki antrene pou pran mezi pou pwoteksyon ki apwopriye.

        Inite envestigasyon nou mennen envestigasyon espesyalize alontèm ki ranfòse davantaj sekirite anviwònman nou an, ki
        pwoteje timoun nou yo.  Nenpòt demann pou sèvis lapolis ta dwe fèt atravè Dispatch Center nou an nan 561-434-8700.

           SEKSYON 504 LWA 1973 SOU REYABILITASYON & LWA 1990 POU AMERIKEN KI GENYEN
                                                       ANDIKAP YO

        Si pitit ou nan klas regilye epi ou kwè li gen yon pwoblèm fizik oswa mantal kèlkonk ki kapab afekte youn oswa plizyè aspè
        enpòtan nan aktivite lavi li, tanpri, kontakte reprezantan pwogram Seksyon 504 nan lekòl la.  Pitit ou a kapab kalifye pou
        jwenn èd akomodasyon sou divès fòm nan kad lwa Reyabilitasyon 1973 la (Seksyon 504) ak lwa 1990 pou Ameriken ki
        genyen Andikap yo (jan li te amande, efektif 1  janvye 2009 la) (ADA).
                                                 ye

        Jeneralman, prensipal aktivite nan lavi yo defini kòm aktivite ki enkli, men ki pa limite ak : fason pou yon moun pran swen
        tèt li, fè travay mànyèl, gade, tande, manje, dòmi, mache, kanpe, leve chaj, bese, pale, respire, aprann, fè lekti, konsantre,
        panse, kominike ak travay. Prensipal aktivite ki enpòtan nan lavi genyen ladan tou egzekisyon prensipal fonksyon fizyolojik
        yo, enkli men ki pa limite ak : fonksyònman sistèm iminitè, kwasans nòmal selil, fonksyon dijestif, evakyasyon entestinal,
        fonksyon irinè, newolojik, serebral, respiratwa, sikilatwa, andokrin ak fonksyon repwodiktif. Tanpri, sonje yon twoub k ap
        manifeste tanzantan oswa k ap geri se yon andikap tou si li ta sifizaman limite aktivite ki enpòtan anpil nan lavi yon moun
        ki aktif.

        Si pitit ou a te kalifye anba Seksyon 504 la oswa si se yon elèv transfere ki deja gen yon Plan aktif nan Seksyon 504 la,
        tanpri, kontakte direksyon lekòl la tousuit.

        Paran elèv ki kalifye pou Plan Seksyon 504 dwe resevwa yon kopi “procedural safegards” epi y ap ofri yo eksplikasyon
        konsènan dwa yo genyen kòm paran elèv ki gen andikap.



                                              GID OU IZAJ MEDYA SOSYAL
                                                        Règleman 2.503

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la (PBCPS) reyalize yon pati nan aprantisaj 21 yèm  syèk la se adaptasyon ak chanjman metòd
        kominikasyon. Enpòtans pwofesè, angajman elèv ak paran, kolaborasyon, aprantisaj, ak pataje anviwònman dijital sa yo
        se yon pati nan aprantisaj 21 yèm  syèk la. Nan ka sa a, estanda edikatif yo mande pou moun itilize materyèl edikatif sou
        entènèt pou demontre konpetans. Pou adrese pwoblèm ki gen rapò ak sa, PBCSD te devlope yon seri règleman pou bay
        elèv ak kominote distri lekòl la direksyon lè y ap patisipe nan aktivite medya sosyal sou entènèt.

        Medya Sosyal refere a itilizasyon sou baz entènèt ak teknoloji mobil ki pèmèt pati entèn ak ekstèn nan lekòl piblik rejyon
        Palm Beach pou konekte, kolabore, ak fòme kominote vityèl atravè òdinatè ak/oswa entènèt. Pou kèk moun, medya sosyal
        yo itilize pou rezon sosyal; men pou lòt moun, yo itilize sit entènèt ak teknoloji sa yo kòm zouti pou anseye epi konekte ak
        kominote a.

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       55 | Page
   60   61   62   63   64   65   66   67   68   69   70