Page 91 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 91

Human Growth and Development Study Exemption - Creole version
                                             DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH

                       Egzanpsyon pou Etid Kwasans ak Devlopman Imen



      Pran san w pou li enfòmasyon ki anba a. Ranpli epi siyen fòm sa a si w PA vle pitit ou a patisipe nan Kourikoulòm Kwasans
      ak Devlopman Imen nan lekòl li. Ou ta dwe voye fòm sa a tounen nan lekòl pitit ou a SÈLMAN si w pa dakò pou l patisipe nan kourikoulòm
      lan.
       # Elèv la      Prenon Elèv la           Inisyal Dezyèm Prenon        Siyati                    Klas


      Pwofesè                                 Lekòl


      Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la planifye pou l anseye yon kou sou Kwasans ak Devlopman Imen nan mwa me. Distri a ap itilize kou
      Kwasans ak Devlopman Imen Komite Dirijan Distri Lekòl nan rejyon Palm Beach la te adopte an 1993, revize an 1996, epi te mete ajou si te
      nesesè.  Komite Dirijan an te apwouve kou a daprè Lwa Florid 1003.42. Yo itilize kourikoulòm siplemantè pou popilasyon elèv espesyal yo.

      N ap envite epi ankouraje w pou w revize kourikoulòm lan ansanm ak materyèl enstriksyon yo nan lekòl pitit ou a oswa nan sit entènèt Distri
      a: https://www.palmbeachschools.org/students_parents/reproductive_health_and_disease_education. Nou rekòmande w pou diskite sou
      materyèl sa yo lakay ou.  Pitit ou a kapab pote devwa pou l fè lakay li avèk yon adilt nan fanmi an.  Devwa sa yo pa obligatwa. Yo
      konfidansyèl tou; yo p ap mande elèv yo vin rapòte sa k te diskite lakay yo.  Objektif devwa sa yo se pou ban nou yon chans pou kominike
      youn ak lòt sou sijè enpòtan sa yo.


      Timoun yo bezwen enfòmasyon espesifk ak reyalis sou kwasans ak devlopman imen, relasyon ak lòt moun, epitou gwosès ak prevansyon
      maladi, pou prepare yo pi byen pou laj adilt. Pandan legliz, lekòl ak lòt ajans kominotè yo gen wòl nan sipòte efò paran oswa reponsab yo, yo
      rekonèt se paran ki gen premye responsabilite pou edikasyon sou kwasans ak devlopman imen lakay. Lekòl la kapab prezante enfòmasyon
      sou sa moun konstate, men se paran/ responsab ki kapab bay enfòmasyon sa yo kalite pèsonèl, spirityèl ak emosyonèl yo.
      Distri a respekte dwa parantal ak wòl ou nan prezantasyon enfòmasyon nan domèn sansib ak delika sa a. Lwa Florid 1003.42, seksyon 3 di:
          Yo dwe egzante nenpòt elèv ki gen paran ki fè yon demand alekri bay direktè/tris lekòl la nan prezantasyon sou sante repwodiksyon,
          oswa nenpòt maladi, enkli VIH/SIDA, sentòm, devlopman ak tretman yo. Yo pa kapab penalize yon elèv ki genyen dispans sa a.



      Si w chwazi pou pitit ou a pa patisipe nan kou sou Kwasans ak Devlopman Imen, yo pral bay yon lòt devwa andeyò salklas la.  Materyèl yo
      disponib pou ede fasilite konvèsasyon yo lakay ou ak pitit ou a sou sijè sa yo. Kontakte lekòl pitit ou a pou kapab jwenn yon kopi materyèl
      paran sou Kwasans ak Devlopman Imen. Pati paran an gen ladan l kopi materyèl yo seleksyone yo te kreye pou klas la.









                                                          Siyati Direktè/tris                             Dat







      Mwen te li epi m konprann fòm sou Kourikoulòm Kwasans ak Devlopman Imen. Mwen menm, paran/responsab legal elèv non
      li ekri piwo a, PA bay konsantman pou pitit mwen patisipe nan leson kourikoulòm Kwasans ak Devlopman Imen.








      Siyati Paran oswa Responsab Legal         Dat             Siyati Paran oswa Responsab Legal         Dat
      oswa elèv 18 an oswa plis                                 oswa elèv 18 an oswa plis






     PBSD 2140 (Rev. 1/11/2023)     Florida Statute 1003.42
          The Department of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620  -May 2022  - SY221142
   86   87   88   89   90   91   92