Page 86 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 86

PWOMOSYON POU BYENNÈT



                                              Distri a rekonèt elèv ak estaf vin genyen plis pwoblèm sante ak sekirite ki kapab
                                              afekte  byennèt yo  anjeneral, abilte pou aprann  epi bay bon rannman, ak
                                              kapasite pou yo sitwayen pwodiktif nan sosyete nou a.  Nan yon efò pou ede
                                              nan chèche rezoud pwoblèm sa yo, Distri a mete anplas yon Règleman
                                              Pwomosyon Byennèt” (“Wellness Promotion Règleman”) (2.035). Règleman sa
                                              a enkòpore modèl Sant pou Kontwol ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease
                                              Control  and Prevention’s,  “Whole School, Whole Community, Whole  Child”
                                              (WSCC).  Distri pran angajman pou l ofri yon anviwònman lekòl ki amelyore
                                              aprantisaj ak devlopman pratik sen ki dirab, pwomouvwa, epi pwoteje byennèt
                                              jeneral tout elèv ak estaf. Tanpri, jwenn règleman a lè w klike sou lyen sa a:
                                              Wellness Promotion Règleman (2.035) - Latest Revision.

        Modèl WSCC a konbine epi bati sou eleman apwòch tradisyonèl sante kowòdone nan lekòl ak enfrastrikti whole child
        framework nan:

            ❏  Reponn apèl pou pi gwo aliyman, entegrasyon, ak kolaborasyon ant edikasyon ak sante pou amelyore devlopman
               entelektyèl, fizik, sosyal ak emosyonèl chak timoun.
            ❏  Enkòpore konpozan yon pwogram sante kowòdone nan lekòl otou otorite ki soutni apwòch whole child nan
               edikasyon.
            ❏  Ofri yon enfrastrikti pou chèche rezoud relasyon senbyotik ki egziste ant aprantisaj ak sante.











        Distri a etabli yon Ekip Pwomosyon Byennèt (Wellness Promotion Task Force) ki rankontre regilyèman pou pataje pwogrè
        nan sante anjeneral ak inisyativ sou byennèt atravè distri a ak Kominote a, epi nou di tout moun ki swete antre ladan,
        byenveni.  Nenpòt moun ki enterese patisipe nan  nenpòt  nan  reyinyon WPTF  yo, tanpri, imel
        wellness@palmbeachschools.org.

        Objektif Ekip Pwomosyon Byennèt la (Wellness Promotion Task Force):  pou kreye yon fowòm edikatif ki pèmèt elèv,
        estaf, paran, asosye nan kominote a, ak manm nan piblik la, pou kolabore avèk siksè nan pwomosyon lavi an meyè sante.
        Ak dènye objektif Distri a ki se amelyorasyon rannman, direksyon Wellness Promotion Task Force se ankouraje yon apwòch
        pwoaktif pou vize yon fason jeneral sante, byennèt ak sekirite tout timoun ak estaf.

                                   Pou plis enfòmasyon, ale nan: District's Wellness Promotion





         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       76 | Page
   81   82   83   84   85   86   87   88   89   90   91