Page 87 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 87

Byennèt Kòmanse Avèk OU!

                                    Rete an Sante pou genyen Siksè Akademik epi


                                              Toujou Fè Mouvman ak Kò w

              Yo demontre bòn nitrisyon amelyore konsantrasyon, memwa ak kapasite pou panse pi byen.
              Dejene enpòtan! Dejene bay kò w ak sèvo ou enèji ak aliman ki nesesè pou byen kòmanse jounen w.  Nou ofri
                tout elèv ki enskri Dejene Gratis epi se Depatman Sèvis Alimante Lekòl nou an ki prepare dejene a.
              Prepare yon repa balanse ak an sante fasil.  Senpleman enkli aliman ki nan chak gwoup  manje yo
                (www.choosemyplate.gov):

                     Gramine: pen, pat alimantè, sereyal ak ti biskuit.  Fè sèten pou chwazi sitou ble konplè.
                     Vejetab: kri, kuit, fre, glase, an konsèv, dezidrate, antye, koupe, oswa pire, tout bon.
                     Fwi:  kapab manje fre,an konsèv, konjele, seche, antye, koupe, oswa pire.
                     Pwodui letye:  lè w ap chwazi lèt, yogout, fwomaj ak nenpòt lòt pwodui letye pran sa ki matyè gra oswa
                       san matyè gra
                     Pwoteyin : aliman ki fèt ak vyann, volay, fwidemè, pwa (ariko), pwa, ze, soy, nwa ak grenn semans.

              Bwè dlo olye bwason sikre.
              Ajoute manje bon kalite manje ak aktivite fizik Jwenn ekilib ou ant manje ak AMIZMAN… fè sèten ou soti al JWE
               pandan omwen 60 minit chak jou.  Ou pa bezwen fè tout yon sèl kou – ou kapab divize li an 10-15 minit alafwa
              Fè sèten ou pran mezi prekosyon ki apwopriye: tankou chofe avan egzèsis la, kouri avèk yon granmoun, fè sèten
               bisiklèt ou a genyen reflektè, epi bwè anpil likid avan, pandan ak apre egzèsis la.  Anplis, aplike krèm solèy ki gen
               faktè pwoteksyon pou solèy (sun protection factor-SPF) 30 oswa plis omwen 30 minit avan w ale nan solèy la, epi
               omwen chak 2 zèdtan apre, plis toujou si w ap transpire oswa naje.
              Itilize gid sa a pou ede w atenn objektif fòm fizik ou:

                         Chak jou: jwe deyò, pran eskalye, detire nan maten ak aswè avan ou ale nan kabann ou.
                         fwa pa semèn: mache, kouri, monte bisiklèt, sote kòd, naje, monte planch ak woulèt, patisipe
                          nan foutbòl ameriken, baskètbòl, foutbòl latino-ameriken, tenis, “martial arts”, oswa yoga, oswa
                          lòt amizman.
                         Redui sou: jwèt videyo ak konpitè, televizyon... epi kanpe epi bouje chak 30 minit.

              Dòmi se nouriti pou sèvo w.  Fè sèten w dòmi pandan omwen 8 èdtan chak swa pou w kapab byen dispoze epi
               konsantre lekòl.  Dòmi ase ede w pèfòme pi byen nan tès ak devwa nan klas.
              Sante bouch ou kapab gen yon enpak dirèk sou sante w anjeneral. Redui risk dan gate, kavite ak maladi jansiv nan
               bwose dan w defwa pa jou ak flòs chak jou.
              Li senpleman osi enpòtan pou pran swen sante mantal menm jan ak sante fizik ou. Si w fache, enkyete oswa tris,
               pa ezite pataje santiman sa yo avèk yon zanmi oswa yon adilt ou fè konfyans, enkli yon manm nan fanmi w,
               konseye akademik lekòl la, pwofesè oswa yon antrenè.










         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       77 | Page
   82   83   84   85   86   87   88   89   90   91   92