Page 89 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 89

DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH
                              Pèmisyon ak Konsantman pou Pibliye                                           Release and Consent for
                                                                                                            Student Information
                                            Enfòmasyon sou Elèv                                             Publication  - Creole
                                                                                                               version



     Li obligatwa pou paran (ak responsab yo) bay lekòl pitit yo pèmisyon alekri si yo ta vle:
       1)  pou pitit yo patisipe nan aktivite lekòl ak Distri Lekòl la pou pibliye non elèv la, non lekòl, nivo klas, foto, imaj videyo, travay atizanal, ekri
            elèv la elatriye nan liv anyèl elèv lekòl la, nan pwogram gradyasyon, sou entènèt, jounal lekòl yo, koleksyon nouvèl ki apwouve,
            piblikasyon ak atik, elatriye.
            AK
        2) pibliye bay piblik la kèk enfòmasyon espesifik  (tankou onè ki resevwa) konsènan pitit ou a.
     EKSPLIKASYON:  Si se yon konsantman san limit pou tout kalite piblikasyon sou elèv atravè ane eskolè a, paran an ap tcheke bwat ki
     apwopriye a ak mansyone ane lekòl la. Si yo mande pèmisyon ak konsantman yonsèl fwa pou yon pwojè espesyal, paran an ap tcheke bwat ki
     pou akò espesyal la epi make anba a non piblikasyon pwojè espesyal la. Paran an ap siyen l epi l ap voye l tounen nan lekòl pitit li a.

     ID # Elèv la          Non Elèv la (prenon, dezyèm non, siyati)                                       Klas


     Non Lekòl la                                      Kontak Lekòl la                             Nimewo Telefòn Kontak


     Non Paran/Responsab




     TIP KONSANTMAN AN (tcheke youn sèlman)
        Pèmisyon ak akò jeneral pou piblikasyon enfòmasyon sou tout elèv pou ane lekòl

        Mwen otorize lekòl la oswa distri a pou itilize foto pitit mwen an, imaj videyo, ekriti, anrejistreman vwa, non, nivo klas, non lekòl, patisipasyon
        nan aktivite ki rekonèt ofisyèlman ak espò, pwa ak otè manm ekip atletik yo, dat li prezan, diplòm ak prim li resevwa, dat ak kote l fèt ak
        dènye lekòl li frekante, nan liv anyèl lekòl, pwogram gradyasyon, afich, pwodiksyon lekòl, sit entènèt, elatriye, ak/oswa lekòl ki sanblab oswa
        piblikasyon Distri a patwone oswa entèvyou ak laprès lekòl oswa distri a apwouve, nòt, atik, ak foto. Mwen otorize tou pou lekòl la oswa
        Distri bay laprès ak antite gouvènmantal yo non pitit mwen an, klas li, non lekòl ak onè pitit mwen an te resevwa pou anons piblik
        rekonesans siksè pitit mwen an. Mwen konprann si mwen pa tcheke bwat pèmisyon an, ni non ni foto pitit mwen an p ap kapab nan
        okenn piblikasyon oswa prezantasyon, ki enkli liv anyèl lekòl la tou.
        Pèmisyon ak akò espesyal pou piblikasyon enfòmasyon sou elèv ki site pi ba a:






          Mwen bay pèmisyon pou lekòl la oswa Distri a itilize foto, imaj videyo, ekriti, anrejistreman vokal, non, nivo klas, non lekòl la, elatriye
                                           nan pwodiksyon espesyal ki mansyone pi wo a.


     Mwen konnen tou pwodiksyon, piblikasyon, prezantasyon oswa materyèl yo kab sèvi pou travay nan klas, pou transmisyon pa Instructional
     Television (ITV), televizyon edikatif, the Education Network (TEN) Rezo Televizyon Edikatif, yon festival fim oswa konkou oswa nenpòt lòt
     ekspozisyon ki fèt selon règleman difizyon ki apwopriye a.
     Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la gen dwa pou vann, kopye, repwodui oswa fè lòt izaj ak dwa transfè sa a li genyen an jan Distri Lekòl Rejyon
     Palm Beach la vle. Mwen bay Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la dwa sa yo ak tout fèm konviksyon. Akò sa a fèt san okenn restriksyon ni limit
     tan.

        Mwen bay pèmisyon pou demann konsantman ki endike anwo a.

        Mwen pa bay pèmisyon pou demann konsantman ki endike anwo a.




                             Siyati Paran/Responsab oswa Elèv ki majè              Dat
                             (mete si li gen 18 an oswa plis - prèv laj obligatwa)



     PBSD 1941 (Rev. 8/5/2016)         ORIGINAL - School                 COPY - Parent/Student

        The Department of Communications and Engagement certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 - August 2016 - SY161268
   84   85   86   87   88   89   90   91   92