Page 90 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 90

Parent/Student Acknowledgments of Student Rules and Regulations of Operations - Creole version
                                                DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH
                                                          SAFE SCHOOLS
                           Avi Resepsyon pou Paran/Elèv sou Règleman
                                        ak Metòd Fonksyònman Elèv yo



                Prenon Elèv la                  Siyati                                     Dat nesans


                Non Pwofesè a                                                              Klas



               Elèv, paran*, pwofesè, konseye, administratè, ak anplwaye biwo a gen wòl enpòtan pou jwe nan lekòl
               nou yo. Genyen regleman ki fèt pou adrese pwoblèm potansyèl ki kapab rive. Tankou lwa, règleman yo la
               pou tout moun. Yo mache sèlman lè tout moun konnen yo.

               Manyèl pou Paran ak Elèv la bay lis règleman distri a pou elèv ki nan rejyon Palm Beach. Règleman yo
               aplike pou tout aktivite k ap fèt nan lokal lekòl yo, nan lòt lokal yo itilize pou fè aktivite lekòl yo epi pou tout
               machin otorize k ap transpòte elèv yo. Tanpri li règleman sa yo avèk atansyon. Paran, elèv, anplwaye
               lekòl la sipoze konnen règleman yo. Kòm yo kapab rann paran yo responsab pou zak pitit yo, li enpòtan
               pou yo konnen règleman ak konsekans yo si timoun yo dezobeyi règleman yo.


               Li nesesè pou paran yo angaje nan edikasyon pitit yo epi se responsablite pou bay lekòl la tout nimewo
               telefòn  ak  kontak  ijans  ki  resan.  Se  responsablite  yo  tou  pou  fè  lekòl  la  konnen  tout  bagay  (tankou
               enfòmansyon medikal) ki kapab afekte fason pitit ou aprann, prezans pitit ou lekòl, oswa patisipasyon
               pitit ou nan aktivite lekòl la.
               Fòm ki siyen yo dwe fè pati dosye chak elèv. Siyati w pi ba nan fòm sa a siyifi ou te resevwa Manyèl pou
               Paran ak Elèv la epi ou konnen règleman yo. (Sa pa vle di ou dakò ni ou pa dakò avèk yo.)



               *Nenpòt kote mo "paran (yo)" parèt, li vle di "responsab (yo)" tou oswa moun yo k ap aji  kòm paran”. Konsa tou, nenpòt kote yo
               mansyone responsablite elèv la, paran yo pataje ansanm tout responsablite sa yo ak pitit yo.











                                                      Siyati Paran oswa Responsab                                                              Dat





                                                      Siyati Paran oswa Responsab                                                               Dat





                                                      Siyati Elèv la                                                                                           Dat





                PBSD 1910 CR(Rev. 3/11/2015)         ORIGINAL - School
   85   86   87   88   89   90   91   92