Page 27 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 27

Mezire Siksè Ekonomik Gradye Florid yo Rezime Rapò Sekirite
                                                  Ekonomik 2020


               Rezilta
               Florid genyen yon sistèm edikasyon apre segondè ki gran anpil -- yon sistèm ki ofri elèv
               yo aksè nan yon edikasyon premye klas. Pou garanti sistèm edikasyon siperyè apre
               segondè Florid la byen pozisyone alavni, Lwa Florid te kreye  Economic Security Report
               (Rapò sou Sekirite Ekonomik) pou ofri elèv, paran, ak lòt moun enfòmasyon sou elèv ki
               gradye nan enstitisyon piblik etid siperyè Florid ki enkli Sant Teknik Distri yo (District
               Technical Centers-DTC ann anglè), Sistèm Kolèj Florid (The Florida College System,
               FCS), ak State University System (Sistèm Inivèsite Leta Florid -SUS ann anglè).  Figi 1
                                                                                                    1
               anba la a montre rezilta salè premye-ak senkyèm ane  selon kalite diplòm  pou plis pase
               1 milyon diplome  ki te resevwa degre yo nan peryòd 5 ane akademik 2013-2014 jiska
               2017-2018.    Tablo a  mete anfaz sou ogmantasyon salè  nan chak etap  nan echèl
               edikasyon an.

               Figi 1. Mwayèn Salè Premye- ak Senkyèm Ane  selon Diplòm




















               Anplis rezilta sou salè, nou te gade tou kantite gradye selon degre.  Figi 2 montre
               kantite gradye sou yon menm peryòd senk an, ki  montre diplòm "Associates"  se
               kalifikasyon etid siperyè moun plis jwenn nan Florid (apwoksimativman 35% nan tout
               sètifika/diplòm yo te bay), epi se diplòm "Bachelor" ki suiv li deprè (34%). Anplis, yon
               kantite enpòtan elèv te gradye ak yon sètifika, diplòm, oswa nan pwogram metye
               (20%).  Moun ki te gradye nan pwogram diplòm avanse se pi piti gwoup nan total
               gradye yo (11%).




               1  Sous done enfòmasyon nan rezime sa a soti nan Pwogram Enfòmasyon Plasman nan Edikasyon ak Fòmasyon Depatman Edikasyon Florid. (Florida Education and
                  Training Placement Information Program (FETPIP ann anglè)



            Mas 2021                                                                               Paj 20A|
   22   23   24   25   26   27   28   29   30   31   32