Page 47 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 47

▪   Daprè Règleman P-5.321 Komite Dirijan lekòl an epi apre yo resevwa fòm “Otorizasyon pou Medikaman/tretman”
               elèv yo genyen pèmisyon pou mache avèk ekipman medikal sou yo epi jere kondisyon sante yo:

                   o  Aspiratè ki mezire dòz pou opresyon
                   o  Medikaman ak ekipman pou Dyabèt
                   o  Sipleman Anzim pou defisyans pankreyatik
                   o  Enjektè otomatik pou Epinephrine
                   o  Medikaman san preskripsyon Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini reglemante pou trete tèt fè
                       mal. Elèv la dwe gen dispans pou egzijans yon “Fòm Otorizasyon pou Medikaman/Tretman” pou itilize
                       medikaman an pou soulaje tèt fè mal si paran/responsab  la  bay konsantman  li  pou elèv la pran
                       medikaman an poukont li.
        Pwogram pou Kolabore nan Sante Kominotè
        Lekòl Rejyon Palm Beach yo se yon asosyasyon ant Sante Piblik Rejyon Palm Beach, Depatman Sante Piblik Florid ak
        asosyasyon pwofesyonèl sante yo apwouve pou ofri inisyativ espesifik ki vize bezwen sante elèv nan rejyon nou an.
        Pwogam pi ba yo ofri sipò nan anviwònman lekòl la.
            ▪   Inisyativ Prevansyon ak Sante Dantè
                   o  Pwogram fliyorid “Swish” pou rense bouch pou elèv jadendanfan rive nan 5yèm ane yo disponib nan plizyè
                       kote atravè rejyon an kote dlo yo gen mwens kantite fliyò pase nivo rekòmande yo.
                   o  Pwogram simantaj dan pou elèv 2 yèm  ane yo disponib atravè otobis “Tooth Fairy” nan lekòl ki elijib nan
                       rejyon nou an.

        Asirans pou Aksidan ak Sante
        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pa peye pou tretman medikal elèv ki fè aksidan pandan yo lekòl la oswa nan pwogram
        gadri apre lekòl yo. Men resous ki disponib pou paran yo.  Si yo ta vle pran asirans, sa dwe fèt avan aksidan an rive.  Men
        resous ki disponib pou paran yo.  Si paran yo ta vle pran asirans, sa dwe fèt avan aksidan an rive.
            o  Florida KidCare   - Yo bay chak timoun lekòl la aplikasyon pou asirans yo pou pote lakay yo nan kòmansman ane
               lekòl la
                   ●  Kontak atravè paj sa a: www.floridakidcare.org
                   ●  Rele: 1-888-540-5437
            o  Asirans Florid pou Lekòl – aplikasyon pou plan aksidan disponib nan tout lekòl.
                   ●  Kontak atravè sit entènèt: www.schoolinsuranceofflorida.com
                   ●  Rele: 1-407-798-0290 or 1-800-432-6915
            o  Asirans Prive

        Kontak pou Pwogram Sante Lekòl
            o  Depatman Sante nan Rejyon Palm Beach, Divizyon Sante Kominotè ak nan Lekòl
                   ●  Sit entènèt:http://palmbeach.floridahealth.gov/programs-and-services/clinical-and-nutrition-services/school-
                       health/index.html
                   ●  Nimewo telefòn pou kontak: 561-671-4175
            o  Health Care District of Palm Beach County, School Health Program
                   ●  Sit entènèt: http://www.hcdpbc.org
                   ●  Nimewo telefòn pou kontak: 561-659-1270
            o  Distri Lekòl Rejyon Palm Beach, Depatman Ekite ak Byennèt
                   •  Sit entènèt: https://www.palmbeachschools.org/departments/equity-and-wellness
                   •  Nimewo telefòn pou kontakte: 561-681-3796


         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       37 | Page
   42   43   44   45   46   47   48   49   50   51   52