Page 46 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 46

  Administrasyon medikaman/tretman ki nesesè nan lekòl
              Edikasyon sou kondisyon sante ak lòt sijè ki gen rapò avèk sante
              Revize dosye sante yo (konsiltasyon, vaksinasyon, ak rezilta konsiltasyon)

        Parapwofesyonèl ak estaf lekòl la deziye, ki antrene epi anba sipèvizyon yon enfimyè lisansye, bay elèv sèvis sante espesifik
        dapre bezwen.


        Egzamen Fizik Obligatwa pou Sante nan Lekòl

        Egzamen prevantif se yon sèvis sante tradisyonèl lekòl pou idantifye defisyans potansyèl ki kapab entèfere ak pwosesis
        aprantisaj.  Nivo klas nou endike la a, anba egzijans espesifik chapit 64F-6.003, Kòd Administratif Florid (F.A.C.).

                                   Tip Egzamen                                  Nivo Klas


                    Zye*                                                        K, 1, 3, 6
                    Zòrèy                                                  K, 1, 6, opsyonèl l 3

                    Eskolyoz                                                       6

                    Pwa ak Otè                                              1, 3, 6, opsyonèl 9



        * Distans akwite distans se pati ki pi enpòtan nan tès depistaj zye ak 25% nan timoun ki gen laj lekòl pral gen pwoblèm
        zye ki ta kapab seryezman afekte aprantisaj.

        Li enpòtan anpil pou tout elèv resevwa sèvis sa yo pou idantifikasyon bonè ak prevansyon lòt pwoblèm sante alavni.
        Enfimyè lekòl yo oswa school health room personnel enfòme paran yo sou rezilta anòmal epi fè sijesyon bay ajans sante
        timoun nan pou fè suivi si sa nesesè.  Dapre Lwa Florid § 381-0056(6)(e) elèv yo pral resevwa tès depistaj sante sa y o sòf
        si paran/responsab  la pa  chwazi, alekri,  sou  Fòm Enskripsyon Nouvo  ak Ansyen  Elèv PBSD 0636 oswa Konsantman
        Paran/Responsab pou Sèvis Sante Lekòl PBSD 2667.

        Responsablite Paran avèk Sante Elèv

        Se responsablite paran/responsab (yo) pou (yo) avize lekòl la konsènan nenpòt kondisyon sante pitit li (yo) genyen ki kapab
        mande medikaman, tretman, oswa sipèvizyon nan lekòl oswa pwomnad ak lòt aktivite lekòl la patwone.
            ▪   Dapre Règleman Komite Dirijan Lekòl 5.321 ak 5.3212, paran/responsab yo dwe soumèt yon fòm “Otorizasyon
               pou Medikaman/Tretman” ki byen ranpli (doktè yo genyen) bay administrasyon lekòl la anplis yon Plan Aksyon
               Endividyèl pou Kriz (ISAP) pou elèv ki gen epilepsi oswa maladi kriz (malkadi) sou fòm Depatman Sante Rejyon
               Palm Beach la (PBCHD) bay jan sa defini nan règleman P-5.324 Komite Dirijan lekòl. Paran/responsab yo dwe dakò
               tou pou  elèv  yo resevwa  sèvis swen sante, ki gen ladan swen ak tretman pou  maladi ak blesi sou  Fòmilè
               Enskripsyon Elèv Nouvo ak Elèv k ap Retounen PBSD 0636 oswa Fòmilè Konsantman Paran/responsab pou Sèvis
               Sante Lekòl PBSD 2667.
                   o  Si pitit yo dwe pran medikaman (enkli medikaman san preskripsyon) oswa jwenn tretman pandan yo lekòl
                       la
                   o  Si pitit yo bezwen yon ekipman ki gen rapò ak enstriman kontwòl sante yo (enkli kontwòl dyabèt) nan jou
                       lekòl la




         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       36 | Page
   41   42   43   44   45   46   47   48   49   50   51