Page 44 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 44

SANTE


        Pwogram Sante nan Lekòl

        Misyon pwogram sèvis sante lekòl Florid se evalye, pwoteje ak pwomouvwa sante elèv

        Pwogram Sante nan Lekòl Rejyon Palm Beach yo se yon asosyasyon ant Sante Piblik Rejyon Palm Beach, Depatman Sante
        Piblik Florid nan Rejyon Palm Beach ak Distri Lekòl Rejyon Palm Beach.   Sèvis sante nan lekòl yo devlope an kolaborasyon
        avèk Plan Sèvis Sante nan Lekòl la epi yo bay swen dapre Lwa Florid F.S. § 381.0056. Sèvis sante lekòl la vize pou l ede elèv
        yo rete an sante, nan klas yo, epi pare pou aprann.  Lekòl yo kapab bay swen nan ka ijan pou elèv ki bezwen sa. Paran
        oswa responsab ki pa swete bay pèmisyon pou swen nan ka ijan dwe bay lekòl la konsantman alekri nan fòm. New and
        Returning Student Registration Form PBSD 0636


        Pwogram sante ki  obligatwa nan lekòl enkli, avèk  konsantman alekri paran/responsab:  egzamen depistaj obligatwa
        (vizyon, zòrèy, eskolyoz,  kwasans ak devlopman),  evalyasyon enfimyè lekòl la, evalyasyon sante,  medikaman ak
        administrasyon pwosedi  medikal, repons ann ijans ak premye swen, prevansyon  maladi  kontajyez, konsiltasyon
        paran/responsab, ak rekòmandasyon, epi suivi sou kondisyon sante ki sispèk, ak kondisyon ki konfime.

        Kondisyon Sante pou Prezan nan Lekòl la

        Florida’s school immunization la Lwa Florid. § 1003.22sou vaksinasyon nan lekòl Florid egzije tout elèv nan lekòl piblik yo
        nan klas debitan ak jadendanfan jiska 12 yèm  ane pou gen bon jan dokiman vaksinasyon ak ekzamen medikal pou antre
        lekòl.

                              •  Yo egzije Egzamen sante pou nouvo elèv nan Pre-K, Jadendanfan, 7 yèm  ane ak premye fwa y
                                 ap antre lekòl san yo pa konsidere nan ki klas (P-5.06 ak Lwa Florid § 1003.22

                   o  Yo ta dwe itilize Fòm DH3040 pou egzamen medikal epi prezante l bay lekòl la avan lekòl ouvri
                   o  Yo aksepte egzamen ki soti nan lòt eta lè kondisyon evalyasyon DH3040 yo satisfè
            ▪    Yo egzije fòm vaksinasyon pou nouvo elèv nan Pre-K, Jadendanfan, 7 yèm  ane ak elèv k ap antre premye fwa lekòl
               kelkeswa nivo klas la (P-5.06 ak Lwa Florid § 1003.22)
                   o  Yo mande pou prezante Fòm DH680 ak vaksen ki ajou avan pou antre lekòl
                   o  Elèv ki vle mande yon egzanpsyon relijye pou egzijans vaksinasyon an dwe soumèt fòm DH681 ki soti nan
                       depatman sante rejyon an.

                   o  Elèv k ap transfere soti nan yon lòt rejyon; elèv ki sanzabri; ki sou responsablite DCF; oswa k ap antre nan
                       yon powgram edikasyon oswa lekòl jistis jivenil; oswa pitit fanmi militè jan sa defini anba seksyon Section
                       1000.36 F.S. resevwa yon egzanpsyon 30 jou pandan y ap tranfere dosye yo. (FAC 64D-3.046(4))












         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       34 | Page
   39   40   41   42   43   44   45   46   47   48   49