Page 45 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 45

Obligasyon pou Rejis Vaksinasyon

        Daprè règleman Règleman Komite Dirijan  5.06, Egzamen medikal ak Vaksinasyon, tout timoun ki admisib pou klas matènèl
        rive jous nan klas 12 yèm  dwe gen yon sètifika vaksen nan dosye li nan rejis vaksinasyon eta Florid (FDOH State Immunization
        Registry (Florida Shots).
        Yo dwe fè eksepsyon pou yon timoun pa oblije nan rejis vaksen eta a si paran oswa responsab timoun sa a pa vle pitit li
        nan rejis eta a (FDOH State Immunization Registry (Florida Shots) epi li te konplete demann anba la yo:

            1.  Paran oswa responsab timoun nan dwe prezante oswa montre li gen nan dosye lekòl li yon sètifika    vaksen avan
               yo admèt li oswa antre nan yon lekòl piblik oswa prive nan eta Florid.

            2.  Paran oswa responsab la dwe siyen yon fòm ‘opt-out’ (refize enskripsyon) (DH 1478) l ap jwen nan FDOH, nan yon
               klinik kote yo bay swen sante, oswa kote yo bay timoun vaksen, ki endike paran oswa responsab la pa swete pitit
               li enkli nan rejis vaksinasyon an.

        Estaf Sante nan Lekòl

        Se Distri Swen Sante nan Rejyon Palm Beach, Depatman Sante nan Rejyon Palm Beach, nan Florid, AK Distri Lekòl Rejyon
        Palm Beach ki anplwaye enfimyè lekòl yo.

        Sèvis yo enkli :
              Evalyasyon ak entèvansyon pou chòk/maladi
              Jesyon ka ak devlopman plan pou swen pou idantifye pwoblèm sante grav
              Konsiltasyon pou sante ak paran, estaf, ak doktè
              Lyezon ak ajan sante, lekòl ak patnè kominotè yo



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       35 | Page
   40   41   42   43   44   45   46   47   48   49   50