Page 50 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 50

LWA MARJORY STONEMAN DOUGLAS HIGH SCHOOL SOU SEKIRITE NAN LEKÒL PIBLIK

        Marjory Stoneman Douglas High School Public Safety Act (SB 7026) se yon nouvo lwa jeneral ki konsantre sou sekirite
        piblik ak nan lekòl.  Yon eleman enpòtan lwa a se bay elèv yo ak fanmi yo aksè nan sèvis sante mantal. Paran/responsab
        nouvo elèv oswa elèv k ap transfere yo pral oblije note referans pou sèvis sante mantal ki asosye ak yon ekspilsyon nan
        lekòl, arestasyon ki lakòz yon akizasyon, oswa yon aksyon jistis jivenil sou Fòm Enskripsyon Elèv la.

        App FortifyFl
        Marjory Stoneman Douglas High School Public Safety Act te finanse devlopman yon zouti mobil pou rapòte aktivite sispèk
        ki pèmèt elèv ak kominote a pou releye enfòmasyon yon fason anonim konsènan aktivite danjere, potansyèlman vyolan,
        oswa kriminèl, oswa menas pou fè aktivite sa yo, bay ajans piblik apwopriye ak ofisyèl lekòl. App FortifyFL la disponib pou
        telechaje nan Apple App Store ak Google Play.

        Yo chanje Kòd Konduit Elèv la selon Lwa Florid § 1006.13, ki deklare nenpòt elèv ki fè yon menas oswa yon fo rapò; pote
        zamafe oswa zam; ki pibliye oswa transmèt menas alekri oswa lòt fason, enkli rapò elektwonik, pou li komèt krim sou
        gwoup moun oswa zak teworis, nan nenpòt fason ki kapab pèmèt yon lòt moun wè menas la, yo dwe mete li deyò epi
        refere li bay yon ajans sante mantal pou evalyasyon oswa tretman lè sa apwopriye.
        HER LEARNING ANNUAL NOTICE FOR ACCESS TO DIRECTORY INFORMATION


         ANONS ÀNYÈL POU REKRITÈ MILITÈ AK ENSTITSYON ETID SIPERYÈ YO KAPAB GEN AKSÈ NAN

                                                ENFÒMASYON JENERAL

        Lwa sou Zafè prive ak Dwa Edikasyon Familyal (FERPA, yon lwa federal), ak Lwa Florid § 1002.22, jeneralman mande pou
        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la jwenn konsantman alekri nanmen w, avan li mete deyò nenpòt enfòmasyon pèsonèl ki
        idantifyab konsènan dosye edikasyon pitit ou (amwenske gen yon eksepsyon ki fè yo aplike sa). Komite Dirijan Distri Lekòl
        la pa gen yon règleman sou enfòmasyon jeneral. Sepandan, Lwa Federal ekzije Distri Lekòl k ap resevwa asistans anba lwa
        1965 (ESEA) Edikasyon pou nivo elemantè ak segondè a bay militè rekritè aksè pou sètèn enfòmasyon jeneral.

        Lwa federal mande pou Distri a “dwe ofri, selon yon demand rekritè militè yo oswa enstitisyon edikasyon siperyè fè, aksè
        nan non, adrès, ak lis telefòn elèv lekòl segondè yo”. Y ap itilize enfòmasyon sa yo pou rezon rekritman militè ak lòt rezon
        lejitim tankou enfòme elèv sou opòtinite bousdetid pou enstitisyon etid siperyè yo. Yo pa bezwen mande konsantman
        paran avan yo bay rekritè yo ak enstitisyon kolèj yo enfòmasyon, malgre paran/elèv kapab “chwazi pou pa patisipe”.

        An konfòmite ak lwa Federal yo, rekritè militè yo gen dwa pou resevwa non, adrès ak lis telefòn elèv lekòl segondè yo,
        amwenske paran/elèv la te avize lekòl la yo pa vle enfòmasyon yo soti deyò san konsantman fòmèl yo alekri. (“Yon elèv
        segondè oswa paran li kapab mande pou yo pa livre non, adrès, lis telefòn li … bay rekritè militè oswa enstitisyon etid
        siperyè yo san konsantman alekri paran yo ba yo”. U.S.C. § 7908(a)(2)

        AVI POU EGZANPSYON: Si ou PA VLE pou lekòl la oswa distri a bay youn oswa plizyè nan kategori enfòmasyon sa yo
        (non, adrès oswa telefòn) pitit ou a san konsantman w alavans bay rekritè pou sèvis militè ak ofisyèl enstitisyon nivo
        siperyè yo san konsantman ekri nan entèval 10 jou ou te resevwa Manyèl pou Fanmi ak Elèv yo. Malgre lekòl la ap
        onore AVI POU EGZANPSYON an nenpòt lè pandan ane lekòl la, li rekòmande pou avèti lekòl la alekri nan yon entèval
        10 jou, pou evite nou bay rekritè okenn enfòmasyon.

        Lwa federal egzije pou lekòl segondè yo bay rekritè sèvis militè yo menm aksè yo bay elèv segondè yo pou bay enstitisyon
        siperyè yo ak potansyèl anplwayè yo. Paegzanp, si lekòl la gen abitid kite enstitisyon siperyè yo oswa anplwayè yo vini sou



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       40 | Page
   45   46   47   48   49   50   51   52   53   54   55