Page 48 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 48

Règleman Komite Dirijan Lekòl yo sou Sante Elèv
        Gade nan paj entènèt Distri a:  BoardDocs® Pro
                   ●  5.06    Egzamen Sante ak Vaksen
                   ●  5.32    Maladi oswa Aksidan Elèv
                   ●  5.321   Administration Medikaman/Tretman Elèv
                   ●  5.3212  Kontwòl Nivo Sik nan San
                   ●  5.322    Elèv ki genyen maladei kwonik ak maladi tranmisib (Enkli HIV/AIDS)
                   ●  5.3221  Izaj Mariwana medikal/Low THC Cannabis nan Lekòl, pou Elèv ki Kalifye
                   ●  5.323    Defribiyatè Otomatik Ekstèn
                   ●  5.324    Elèv ki Genyen Pwoblèm Sante ki Mete Vi yo Andanje
                   ●  5.325    Prevansyon ak Kontwòl Pou nan Tèt (Head Lice)

                                                 EDIKASYON ADOMISIL


        Elèv anrejistre avèk Biwo Edikasyon Adomisil
        Elèv kapab transfere nan lekòl piblik ki nan zòn yo.  Se Administrasyon lekòl la k ap detèmine plasman nan ki nivo klas
        epi desizyon kredi daprè règleman distri a.  Yo kapab revize kourikoulòm, pòtfolyo, ak evalyasyon anyèl elèv la avan
        plasman an. (P-8.14(12); P-8.01) Pou plis enfòmasyon sou edikasyon adomisil, vizite Home Education.  Pou kesyon,
        tanpri imel homeed@palmbeachschools.org oswa rele 561-434-8052.

                                  ENFÒMASYON KONSÈNAN TIMOUN KI SANZABRI
                                                         Règleman 5.74

        Pwogram McKinney-Vento Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la te fèt pou asire konfòmite ak Lwa Asistans Edikasyon pou
        Sanzabri McKinney-Vento, prensipal lwa federal ki pwoteje dwa edikatif timoun ak jèn ki sanzabri.

        Elèv yo idantifye kòm sanzabri anba McKinney-Vento pa gen yon rezidans fiks, regilye, ak adekwat lè y ap viv nan
        youn nan sitiyasyon sa yo:
             •  Abri pwovizwa ak motèl
             •  Nan machin nan lari oswa nan pak, bilding abandone, ak lojman medyòk
             •  Viv ak lòt moun akòz difikilte ekonomik, pèt lojman, oswa yon rezon ki sanble
             •  Jèn ki responsab tèt yo ki sanzabri (UHY - jèn ki satisfè definisyon sanzabri epi ki PA nan gad fizik yon paran
                oswa yon responsab F.S. § 1003.01 (12).

        Dapre McKinney-Vento, elèv ki elijib (PreK-12), ki gen ladann elèv migran ki fè eksperyans sanzabri, gen dwa pou:

            •  Jwenn aksè egal ego pou resevwa menm edikasyon piblik gratis, apwopriye epi pwogram ak sèvis konparab sou
               menm baz, menm jan avèk tout lòt elèv yo, enkli edikasyon espesyal, migran ak edikasyon vokasyonèl ak manje
               gratis nan lekòl.
            •  Enskri lekòl imedyatman, menm si yo pa gen dokiman nòmal pou yo enskri;
            •  Enskri nan zòn lokal lekòl kote yo rete tanporèman oswa kontinye ale nan dènye lekòl yo te ale avan yo te pèdi
               kay yo (lekòl avan an) si se chwa paran/responsab la epi sa nan pi bon enterè timoun nan.
            •  Transpò pou ale ak retounen sot lekòl orijinal la jan sa apwopriye, sou demann paran/responsab la oswa manm
               lyezon lokal pou sanzabri (nan non jèn ki pa akonpaye), si se nan pi bon enterè elèv la.
            •  Aksè nan yon pwosesis rezolisyon dispit pou ale annapèl kont yon desizyon Lekòl/Distri a konsènan seleksyon
               lekòl/elijiblite pou sèvis.



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       38 | Page
   43   44   45   46   47   48   49   50   51   52   53