Page 60 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 60

Elèv lekòl semi piblik (Charter school) k ap retounen nan lekòl piblik Distri Palm Beach la
        Elèv sa yo dwe enskri imedyatman nan lekòl ki nan zòn bò lakay yo imedyatman apre yo fin kite lekòl semi piblik la
        ofisyèlman.

        Elèv k ap retounen soti nan Pwogram kote yo te gen Angajman
        Lè elèv sa yo sòti nan pwogram kote yo te gen angajman an, yo ta dwe retounen nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach.  Yo
        dwe kontakte sipèentandan rejyonal yo a ak/oswa direktè/tris lekòl yo a AVAN yo retounen nan lekòl la (P-8.13)

        Elèv ki jwenn transfè pou ale nan yon lòt lekòl
        Yo dwe pèmèt yon elèv retounen nan lekòl k ap desèvi zòn li abite a nan fen semès la; amwenske gen sikonstans atènyant.
        P-5.015 (11). Si direktè/tris lekòl la anile transfè a pou rezon ki endike nan P-5.015 (12), elèv la dwe retounen nan lekòl ki
        nan zòn bò lakay li aprè twa jou almanak, jan sa defini nan Règleman sou transfè.

        Elèv k ap retounen nan lekòl nan zòn kote yo abite a ki soti nan yon lekòl piblik oswa prive gras ak yon bousdetid (FES-
        UA)
        Depi paran elèv la te avize Depatman Edikasyon Eta Florid la ak distri lekòl lokal la nan yon delè rezonab, paran elèv la
        kapab retire li nan pwogram nan, kote li abandone opsyon chwa bous FES-US la te ba li pou ane lekòl la.  Pou elèv la itilize
        opsyon chwa bous FES-UA te ba li a ankò alavni, li dwe prekalifye pou premye kritè elijiblite yo daprè kondisyon ki nan
        ATIK lwa F.S. § 1002.39(2). Se Administrasyon lekòl la k ap detèmine plasman nan ki nivo klas epi desizyon kredi daprè
        règleman distri a.  Yo ta dwe kontakte lekòl ki nan zòn kote li abite pou jwenn enfòmasyon sou enskripsyon ak pwosedi.
        Si lekòl ki nan zòn lakay elèv la pa kapab enplemante IEP elèv la ki pi resan an, lekòl la ap travay ak biwo ESE zòn nan pou
        detèmine ki kote pou yo plase l.  Nan ka yo chwazi yon lekòl piblik, nimewo lekòl FES-UA yo plase l la ap tou sèvi kòm
        nimewo pou lekòl regilye elèv la. Elèv yo kapab rete nan lekòl chwa yo jiska pi gwo klas lekòl la genyen.

        Patisipasyon nan Seremoni Gradyasyon :
        Elèv douzyèm ane ki retounen nan lekòl zòn yo epi ki ranpli tout kondisyon gradyasyon/sètifika kapab jwi de tout aktivite
        pou elèv dènye ane, enkli egzèsis pou seremoni gradyasyon. Sepandan, sa pa genyen ladan l rekonesans merit pou premye
        ak dezyèm loreya. Natirèlman li klè elèv sa yo ap fè tranzisyon an nan kòmansman ane a epi pa pita pase kòmansman
        2yèm semès la.

        EKSEPSYON :  antant mityèl ant direktè/tris lekòl yo.

        Konpòtman :
        Yo atann peu elèv yo onore responsablite yo epi konpòte yo yon fason pou respekte dwa tout moun.  Kèk nan Rezilta
        Pwogram Entèvansyon sou Konpòtman an enkli men li pa limite ak:

                   Vini nan klas prepare ak kaye, kreyon, plim,     Pran swen ak remèt liv lekòl yo, liv bibliyotèk,
                     liv ak lòt founiti y ap bezwen                    oswa lòt  materyèl yo prete nan lekòl la
                   Fè tout devwa klas yo ak devwadmezon yo            (REMAK: Tanpri gade nan seksyon Liv elèv yo
                     (P-8.16)                                          ak lòt materyèl didaktik) (P-8.1225)
                   Itilize tan nan klas yo kòmsadwa                 Aji an moun responsab sou lakou lekòl la, nan
                   Pote fòm nesesè yo  lakay yo ak pote yo            otobis yo ak nan tout lòt aktivite lekòl la ap
                     tounen lekòl la                                   fè,  kèlkeswa kote a ((P-5.186;  P-5.1812;  P-
                   Obeyi Règleman ak kondisyon yo mande pou           5.1813)
                     patisipe nan pwomnad





         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       50 | Page
   55   56   57   58   59   60   61   62   63   64   65