Page 59 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 59

RESPÈ POU LÒT MOUN AK PWOPRIYETE YO
        Sekirite piblik ak endividyèl se yon dwa.  Pafwa, dwa sa yo merite balanse antreyo pou benefis tout moun.  Elèv, paran ak
        anplwaye lekòl yo bezwen travay ansanm pou prezève dwa sa yo nan lekòl nou yo.

        Dwa.
            •  Elèv yo gen dwa pou moun trete yo avèk respè.
            •  Elèv yo gen dwa pou yo ale lekòl kote ki genyen sekirite ak lòd.

        Responsablite
            ●  Elèv yo gen responsablite pou yo respekte entimite tout lòt moun.
            ●  Elèv yo gen dwa pou moun trete yo avèk respè.
            ●  Elèv yo gen responsablite pou trete pwopriyete lekòl la ak zafè lòt moun avèk respè.
            ●  Elèv yo gen responsablite pou yo aji nan yon fason ki pa entèfere avèk dwa lòt moun, ni ki nui sante ak sekirite lòt
               moun.
            ●  Elèv yo gen responsablite pou pale avèk yon adilt, paran, oswa manm estaf yo fè konfyans, konfidantyèlman, si yo
               sispèk genyen oswa pral genyen yon danje pou yon elèv oswa lòt moun, oswa lòt dezòd nan lakou lekòl la.  Tout
               moun responsab pou sekirite.

        Lekòl la kapab fè yon rekòmandasyon pou ekspilse yon elèv yo jwenn ki fè fo akizasyon paekspre pou mete repitasyon
        pwofesyonèl, travay oswa lisans pwofesyonèl yon pwofesè an danje, oswa nenpòt lòt manm estaf anplwaye lekòl la, dapre
        Règleman Konsèy Administrasyon Distri lekòl la sou konduit. F.S. § 1006.09(1)(c); P-5.1817(2)(a)

                                                   CHÈK KI RETOUNEN

        "Daprè Atik Lwa Florid F.S. § 68.065. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la nan Florid rezève dwa li pou l chèche ranbousman
        pou chèk yo bali epi bank la pa onore akoz pa gen fon, manke kredi, oswa manke lajan sou kont la oswa moun ki te emèt
        chèk la bloke l avèk fèm entansyon pou l twonpe Distri Lekòl/lekòl la.  Komite Dirijan Lekòl yo/lekòl la kapab chèche kolekte
        lajan an nan men moun ki te bay chèk san pwovizyon an: 1) bank la chaje kòm konsekans chèk ki pa gen pwovizyon, 2)
        valè chèk san pwovizyon an, plis 3) twa fwa total chèk la, ak/oswa 4) nenpòt lòt frè oswa depans lalwa prevwa."

                     RETOUNEN NAN LEKÒL OU (PLASMAN BAZE SOU ZÒN LIMIT LEKÒL YO)

        Elèv ki ale nan pwogram Chwa, pwogram Espesyalizasyon oswa Akademi Pwofesyonèl
        Elèv ki chwazi pou kite yon Pwogram ochwa, ak opsyon Karyè (volontèman oswa envolontèman), pap kapab rete nan lekòl
        pwogram chwa li ye a, amwenske li abite nan zòn nan. Ou kapab jwenn enfòmasyon konsènan fason pou w kite pwogram
        chwa a nan lyen Choice Procedures Manual ak nan sit entènèt Choice Programs

        Elèv yo te mete deyò nan lekòl
        Dapre règleman Distri a, reentegrasyon bonè elèv ki absan, elèv yo te mete deyò (memnsi yo bali sèvis edikatif altènatif)
        kapab retounen nan pwogram edikatif regilye nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la nan kòmansman tèm ki vini apre yon
        ane dat anivèsè ekspilsyon an.  Elèv yo dwe kontakte Sipèentandan Rejyonal nan konsènan enfòmasyon sou enskripsyon
        nan lekòl la. Yo kapab mete yo nan yon lòt lekòl ki pa lekòl yo kote yo te mete yo deyò a (P-5.1817(6); P-8.13)

        Elèv ESE yo te bay yon plasman altènatif pou jiska 45 jou
        Ekip IEP ap reyini avan fen peryòd IAES la (ki kapab jiska 45 jou lekòl) pou detèmine plasman elèv la alavni.  Lekòl kote yo
        retounen kapab pa lekòl ki nan zòn bò lakay yo (P-8.13)




         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       49 | Page
   54   55   56   57   58   59   60   61   62   63   64