Page 58 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 58

o  Fòm DH680 vaksen nan Florid, oswa
                   o  Kat Egzanpsyon Medikal Pèmanan, oswa
                   o  Egzanpsyon akoz relijyon
            ▪   Dosye lekòl, si l aplikab
              Affidavit of Person Acting as Parent (PBSD 1543) oswa Affidavit of Person Acting as Parent for Extra Curricular
               Academy (PBSD 2416) ak Affidavit of Residence Form (PBSD 1866), si sa aplikab.

        Kondisyon pou Rejis Vaksinasyon yo
        Daprè règleman Board Règleman 5.06, Health Examinations and Immunizations, (Egzamen Medikal ak Vaksinasyon) tout
        timoun ki admisib pou klas matènèl rive jous nan klas 12 yèm  dwe gen yon sètifika vaksen nan dosye li nan rejis vaksinasyon
        eta Florid (FDOH State Immunization Registry (Florida Shots)).

        Yo dwe fè eksepsyon pou yon timoun pa oblije nan rejis vaksen eta a si paran oswa responsab timoun sa a pa vle pitit li
        nan rejis eta a (FDOH State Immunization Registry (Florida Shots) epi li te konplete demann anba la yo:

            1.  Paran oswa responsab timoun nan dwe prezante oswa montre li gen nan dosye lekòl li yon sètifika    vaksen avan
               yo admèt li oswa antre nan yon lekòl piblik oswa prive nan eta Florid.
            2.  Paran oswa responsab la dwe siyen yon fòm ‘opt-out’ (refize enskripsyon) (DH 1478) l ap jwen nan FDOH, nan yon
               klinik kote yo bay swen sante, oswa kote yo bay timoun vaksen, ki endike paran oswa responsab la pa swete pitit
               li enkli nan rejis vaksinasyon an.

        ** Elèv ki pa gen de (2) fòm prèv adrès, oswa ki genyen sikonstans atenyant dwe wè avèk administrasyon lekòl yo a.  Elèv
        ki sanzabri ak jèn ki pa gen paran, yo jwenn ki depandan oswa ki nan abri pwovizwa gen tan siplemantè (yo sigjere yon
        ekstansyon 30 jou) pou prezante dokiman sa yo. Kontakte ekip MVP nan 561-350-0778.  Gade enfòmasyon ki pibliye anlè
        a konsènan fanmi sanzabri.

        Lekòl yo dwe satisfè bezwen paran yo genyen nan kominikasyon pandan tout etap enpòtan pwosesis enskripsyon pitit yo
        pou asire elèv yo jwenn tout opòtinite nesesè nan sa yo bezwen pou edikasyon yo.

        Gade Plan Pwogresyon pou Elèv la ki enkòpore la a kòm referans nan Règleman 8.01,anba kondisyon pou admisyon inisyal
        la ak règleman  P-5.011 Yo kapab mande prèv domisil adisyonèl depi yo genyen yon dout rezonab ki montre elèv la pa abite
        nan zòn lekòl la desèvi oswa si lekòl la ta afekte pa yon chanjman nan zòn delimitasyon an akòz li gen twòp elèv dapre jan
        sa eksplike nan lwa Règleman 5.01(4).

        Gade nan seksyon Transpò Mànyèl sa a pou jwenn plis enfòmasyon konsènan demand transpò pou pitit ou a (yo).

        REMAK : Si ou chanje adrès pandan ane lekòl la oswa si lekòl la gen yon move adrès pou ou, ou dwe fè lekòl la konnen
        sa. (P-5.011). Epitou, Elèv k ap retounen ak sa ki nouvo yo dwe ranpli fòm enskripsyon an tou, chak ane epi retounen li
        bay lekòl la.

















         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       48 | Page
   53   54   55   56   57   58   59   60   61   62   63