Page 73 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 73

Modèl Konpòtman nimewo 3                             Tier 3 Repons pou Move konpòtman -Nivo 3 plis
                                                                Repons Nivo 1 ak 2

               •  Aksepte responsablite pou pwòp aksyon yo          •  Plan Entèvansyon pou Konpòtman ki
               •  Respekte kalite lavi                                 endividyalize
               •  Montre fyète nan lekòl ak kominote yo             •  Patisipasyon paran
               •  Itilze teknik adapte pou rezoud pwoblèm           •  Kalme sitiyasyon
               •  Toujou kontwole tèt yo                            •  Sipò ant Ajans
               •  Chèche èd nanmen adilt yo fè konfyans pou         •  Detansyon
                  rezoud pwoblèm oswa rapòte ensidan ki             •  Sistèm Rekòmandasyon
                  enkyete yo                                        •  Sispansyon nan lekòl oswa andeyò lekòl
               •  Rapòte nenpòt zak agresyon oswa vyolans bay
                  yon manm estaf oswa ofisye lapolis
               •  Kowopere avèk ofisyèl lekòl yo pou kreye yon
                  anviwònman aprantisaj pozitif
               •  Patisipe nan envestigatyon estal lekòl oswa ajans
                  lapolis ap fè



        Sispansyon pou elèv ki kalifye daprè lwa IDEA a dwe fèt suivan kondisyon ki nan Plan Edikasyon Endividyèl elèv la (IEP) ak
        lwa  ki aplikab yo.  Sispansyon  pou elèv yo detèmine ki genyen andikap  yo, nan kad Seksyon  504 la, dwe fèt suivan
        Kondisyon Akomodasyon ki bay nan Seksyon 504 la ak lwa ki aplikab yo.

        Zewo Tolerans pou Krim, ak Viktimizasyon
        Lwa § 1006.13 Eta Florid la etabli kondisyon pou distri lekòl yo adopte prensip zewo tolerans.

        Zewo Tolerans - Règleman zewo tolerans yo mande lè yo jwenn elèv ki komèt youn nan ofans ki site nan lis anba a, pou
        yo ekspilse yo, avèk oswa san kontinyasyon sèvis edikatif, andeyò lekòl regilye elèv la, pou yon peryòd tan ki pa dwe
        mwens pase yon ane konplè, epi rekòmande yo devan sistèm lajistis kriminèl oswa devan jistis jivenil la.

               1.    Vini avèk yon zamafe oswa zam, nan nenpòt aktivite k ap fèt nan lekòl, oswa nenpòt mwayen transpò lekòl la
                   patwone, oswa posede yon zamafe nan lekòl; tanpri, gade nan Lwa Florid ak Kòd Konduit Elèv la pou jwenn
                   definisyon yon zam.
               2.    Fè yon menas bonm, pibliye/transmèt yon menas pou fiziyad yon foul moun mas, oswa teworis oswa bay yon
                   fo rapò, jan Lwa Florid  §§ 790.162 ak 790.163, respektivman, ki enplike pwopriyete lekòl la oswa estaf  lekòl
                   la, transpò lekòl la, oswa yon aktivite lekòl la patwone. Sa a gen ladan menas ki fèt atravè piblijasyon sou rezo
                   sosyo, gwoup chat, mesaj tèks ak lòt kominikasyon yo voye bay lòt moun kèlkeswa entansyon moun k ap voye
                   a.







        Lwa a entèdi elèv yo posede zam afe oswa zam sou lakou lekòl la. "Zam" vle di Zam vle di nenpòt ponya, kouto, fopwen,
        fistibal, bout baton, revòlvè gaz lakrimojèn, zam chimik oswa lòt aparèy… Sa enkli zam a chòk elektrik oswa zam pou
        toudi moun, razwa ak kouto oswa nenpòt materyèl ki kapab koz domaj sou kò moun oswa plonje yon moun nan laperèz
        domaj grav. Nenpòt elèv yo jwenn ki gen zamafe oswa zam nan men li sou lakou lekòl la, nan zòn transpò lekòl oswa nan
        aktivite lekòl la patwone ap jwenn ekspilsyon, epi yo kapab menm mete yon chaj kriminèl sou tèt li, sa enkli arestasyon.
         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       63 | Page
   68   69   70   71   72   73   74   75   76   77   78