Page 74 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 74

Konfòmeman ak lalwa, Komite Dirijan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la defini zewo tolerans kòm yon seri kalite move
        konpòtman k ap toujou debouche sou ekspilsyon kòm sanksyon disiplinè F.S.1006.13. Pou yon sèten move konpòtman,
        administratè ak responsab lekòl yo gen dwa deside ki aksyon disiplinè pou yo adopte, men pou yon seri lòt kalite zak move
        konpòtman, Komite Dirijan Distri a enpoze yon seri sanksyon obligatwa. “Si yon elèv ki komèt nenpòt nan ofans sa yo ki
        nan lis ki nan seksyon sa a se yon elèv ki soufri ak yon andikap kèlkonk, komite distri a sipoze konfòme li nòmalman ak
        Règleman oswa lwa Konsèy Administrasyon an idantifye kòm aplikapab.”  Tout Règleman sa yo fèt pou kapab fè sèten pitit
        ou an genyen tout opòtinite pou li jwenn sekirite pandan l ap aprann lekòl li.



                           “Student Crime Stoppers”: (Òganizasyon Anti Krim pou Elèv)

        Student Crime Stoppers (Òganizasyon antikrim pou elèv) se yon òganizasyon a bi non likratif ki kreye pou bay elèv yo
        mwayen pou rapòte menas oswa krim yon fason anonim.  Pwogram nan ekipe elèv yo pou yo veyatif pou prevni vyolans
        nan lekòl yo ak nan kominote a.  Pwogram nan bay yon prim ankourajman ki kapab rive jiska $100 pou enfòmasyon sou
        aktivite kriminèl, ak $500 pou reposesyon yon zamafe nan lekòl.

        Men etap pou suiv lè w bezwen rele pou rapòte yon enfòmasyon:
              Rele 1-800-458 - TIPS (8477)
              Pa bay non w; di ou se yon elèv k ap telefone.
              Bay enfòmasyon ou genyen sou aktivite kriminèl la. Yo kapab poze w kèk kesyon pou klarifye sitiyasyon an.
               Yo PA P mande w non w.
              Y ap ba ou yon kòd.  Ekri kòd la yon kote.  Y ap fè w konnen ki lè pou tounen rele pou w konnen si w ap resevwa
               yon rekonpans.  Se responsablite pa w pou w konnen nimewo kòd ou a; se sèl referans ou genyen pou w kapab
               resevwa rekonpans la.
              Ou kapab rapòte tou enfòmasyon ou genyen sou yon krim nan  www.studentcrimestopper.com
                oswa voye mesaj tèks nan tips@cspbc.com


                                            FOUYE ELÈV AK KONFISKASYON

        Anplwaye lekòl kapab fouye elèv yo si genyen ase rezon pou sispèk ki an posesyon objè kontrebann oswa objè yo entèdi
        sou pwopriyete Konsèy Administrasyon Distri Lekòl la oswa nenpòt kote elèv yo sou sipèvizyon ofisyèl anplwaye Distri
        lekòl la tankou nan pwomnad, lòt aktivite ki pa akademik, oswa pandan li nan bis lekòl, ak chofè ki apwouve k ap transpòte
        l pou li ale oswa sòti nan aktivite sa yo, oswa pa nenpòt lòt mwayen.

        Anplwaye lekòl la kapab fouye yon elèv, zafè pèsonèl yon elèv, kazye pèsonèl elèv li, oswa nenpòt lòt kote pou yo sere
        bagay yo, sou pwopriyete lekòl la san manda lè anplwaye lekòl la genyen ase rezon li sispèk genyen yon objè oswa sibstans
        ilegal, ki entèdi oswa bagay moun yo vòlè ki kache sou elèv la oswa nan yon depo.  F.S. § 1006.09(9)

        Yo kapab tcheke elèv yo owaza atravè aparèy detektè metal ak/oswa aparèy yo kenbe men pou detekte metal. Si detektè
        a aktive, genyen dout rezonab pou pou fè yon lòt tès ak fouy lè sa nesesè. Yo prao discipline selon Kòd Konduit Elèv la, si
        yo jwenn yon atik ki entèdi pou ensidan nan tès ak/oswa fouy epi yo kapab fè pouswit kriminèl kont elèv la pou vyolasyon
        lalwa.

        Avi pou Fouye seksyon Kazye/Depo yo poste nan chak lekòl piblik K-12, nan yon kote elèv yo kapab wè li fasilman, se yon
        avi k ap fè konnen yo pral fouye kazye yon elèv oswa lòt depo, si genyen ase rezon pou sispèk li posede objè oswa sibstans
        ki illegal oswa entèdi.  Sa pa entèdi pou yo sèvi avèk detektè metal oswa bèt ki resevwa fòmasyon espesyal lè y ap fè fouy
        pou objè ak sibstans ilegal. Lwa Florid § 1006.09(9)

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       64 | Page
   69   70   71   72   73   74   75   76   77   78   79