Page 85 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 85

VOLONTÈ NAN LEKÒL PIBLIK

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ta renmen asistans ou nan lekòl pitit ou a.  Gen anpil mwayen pou patisipe, men kèk ladan
        yo.  Antrepriz ki fè patenarya ak nou yo fè pati entegral nan siksè lekòl la tou


                              Tutors                          Chaperones                Academy Advisory


                             Listeners                         PTA/PTO                       Councils


                             Clerical                      Career Education                Sponsorships


                             Mentors                    Adopt-A-Class Programs             Arts & Crafts


                       Classroom Assistants                 Job Shadowing                Special Education


                           Media Center                       Internships            Special Interest Speakers



                        Physical Education             Professional Development       School Advisory Councils


                       After-School Programs


        Pou plis enfòmasyon konsènan volontarya, kontakte Kowòdinatè/tris Volontè nan lekòl ou a oswa Depatman Estrateji
        Kominikasyon ak Angajman nan 561-738-2780.

        Ede Lekòl la ak Manje
        Ou kapab vann oswa sèvi manje sou lakou lekòl yo sèlman si yo prepare nan kuizin lekòl la sou sipèvizyon estaf kafeterya
        a oswa si yo prepare nan kondisyon komèsyal Depatman Sante Piblik la apwouve.

        Jwenn Ajans Kominotè pou Asistans Adisyonèl
        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la vle ede paran yo chèche rezoud pwoblèm sosyal, emosyonèl ak sante mantal pitit yo nan
        konekte elèv ak fanmi ki nan bezwen avèk ajans kominotè ki kapab ede yo.  Genyen plizyè ajans kominotè ki ofri sèvis gratis
        oswa a ba pri.  Paran yo kapab jwenn yon lis resous kominotè ki bay konsèy ak lòt sèvis ankò lè yo rele nimewo 2-1-1 oswa
        lè yo kontakte konseye akademik lekòl pitit yo.













         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       75 | Page
   80   81   82   83   84   85   86   87   88   89   90