Page 28 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 28

Mezire Siksè Ekonomik Gradye Florid yo Rezime Rapò Sekirite
                                                  Ekonomik 2020



               Figi 2. Kantite Gradye yo selon Degre













               Dèt

               Dèt etidyan se yon pwoblèm k ap ogmante nan tout nasyon an.  Ak yon total plis pase
               mil milya dola, dèt etidyan kounye a depase dèt  kat kredi ak prè sou otomobil epi li
               dezyèm sèlman aprè ipotèk pou kay.  Anpil etidyan anreta nan peye prè yo, epi poutèt yo
               pa kapab deklare bankwout pou prè sou etid, konsekans dèt k ap akimile moun pa kapab
               fin peye kapab vin yon katastwòf finansye alontèm.  Mwayèn montan prè federal nan tout
               eta a pou chak elèv nan enstitisyon edikasyon siperyè apre segondè Florid yo te yon ti
               kras plis pase $5,400 (yo kalkile montan sa a an mwayèn pou tout elèv yo, pa sèlman
               elèv ki gen prè, epi li pa enkli prè prive oswa lòt dèt gouvènman ki pa federal yo te bay.
               sous).

               Kote Djòb yo Ye

               Salè gradye yo dwe jwenn pa depann sèlman de pwogram yo te gradye ladan yo men tou
               se selon fòs mache travay kote y ap antre a. Twa pi gwo endistri ki espere ajoute plis
               travay nan Florid, apre sèvis manje ak kote pou bwè (k COVID-19 te afekte l anpil), se
               sèvis administratif ak sipò (102,829 anplwa), sèvis swen sante ambilans (95,850 anplwa),
               ak sèvis pwofesyonèl, syantifik ak teknik (83,304 anplwa). Avèk kwasans yo prevwa ant
               14% ak 17%, endistri sa yo espere ajoute yon kantite siyifikatif nouvo djòb ant 2020 ak
               2028.

               Pwogrè

               Sa a se setyèm  Rapò anyèl Sekirite Ekonomik (ak sis ane nan done konparab). Se
               poutèt sa, nou genyen ase done pou n tire konklizyon sou pwogrè ki te fèt pandan kat
               (4) dènye ane ki sot pase yo. Nan prèske chak ka, salè mwayen premye ane yo te
               ogmante san rete.  Eksepsyon nan modèl jeneral sa a konsène gradye nan aprantisaj
               ak pwogram sètifika teknik avanse, ki te wè modès/lejè diminisyon nan dènye ane a.



            Mas 2021                                                                               Paj 20B|
   23   24   25   26   27   28   29   30   31   32   33