Page 38 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 38

Lòt Egzamen Pèfòmans Palm Beach (PBPA ann anglè) yo kapab bay pitit ou a ane sa a enkli :
            ●  Tès Dyagnostik Distri a nan Sivik ak Syans
            ●  Tès Evalyasyon Pwofesè/Distri kreye oswa bay nan Nivo Klas la ak Evalyasyon sou Chapit
            ●  Tès Espesifik sou Kou (Plasman Avanse, Bakaloreya Entènasyonal, Cambridge [AICE], oswa Sètifika Endistri)
            ●  Evalyasyon Altènatif Florid (FAA)
            ●  Evalyasyon Konpreyansyon ak Kominikasyon nan Anglè Eta a Eta pou Elèv k ap Aprann Anglè (ACCESS for ELLs 2.0)

                                                   MEZON ADOPSYON

        Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la siyen yon akò avèk Depatman Timoun ak Fanmi yo (DCF)/ChildNet pou pwomouvwa ak
        etabli pwotokòl k ap sipòte estabilizasyon edikatif ak siksè pou elèv ki nan adopsyon tanporè.  Akò ant de (2) enstitisyon
        sa yo enkli tou an kolaborasyon avèk Career Source Palm Beach County, Agency for Persons with Disabilities, Early Learning
        Coalition ak Department of Juvenile Justice, ak Southeast Florida Behavioral Health Network.

        Lyezon Pwogram Adopsyon Tanporè Distri a gen ladan:
            •  Kontwol jounalye lòd ki  soti nan sistèm tribinal la sou depandans abri pwovizwa jèn  moun  yo, epi bay
               administrasyon lekòl la rapò pou garanti sekirite timoun yo.
            •  Retire obstak ak amelyore efò kolaboratif ki estabilize elèv nan lekòl pou garanti pwogrè akademik yo.
            •  Kowòdone transpò, nan limit posib, pou kenbe nivo konsistans pou elèv ki nan adopsyon lè sitiyasyon lojman
               chanje.
            •  Gide epi defann elèv pou yo kapab gradye nan lekòl segondè epi garanti yo prepare pou edikasyon nan kolèj ak
               /oswa fòmasyon vokasyonèl.

        Pou plis enfòmasyon oswa sipò, tanpri, kontakte Laura Shoemaker, Lyezon Adopsyon Tanporè nan nimewo : (561) 653-
        5173 oswa laura.shoemaker@palmbeachschools.org.  Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la pa genyen ase kay pou Adopsyon
        Tanporè ki lakoz nou transfere anpil elèv nou yo nan lòt rejyon, andeyò Palm Beach, lwen fanmi oswa frè ak sè yo. Pou
        envestige pou wè kijan w kapab vin yon paran adopsyon tanporè, rele biwo “Friends of Foster Children” nan (561) 352-
        2501.


                                    LIBÈTE EKSPRESYON AK PIBLIKASYON ELÈ YO
                                            Règleman 8.123; Règleman 2.122; Règleman 2.131, Règleman 5.70

        Konstitisyon Etazini garanti nou dwa pou nou eksprime lide nou lib. Yon edikasyon debaz ta dwe prepare nou pou fè sa
        nan fason responsab. Nou bezwen opòtinite pour aprann ki fason pour koute pwennvi lòt moun, osi byen ki jan pou nou
        eksprime nan lapè ak amoni.
                                                            Lwa
                                                   Règleman 2.131,  Règleman 5.70


        Elèv yo dwe konpòte yo yon fason ki respekte dwa tout moun. Anjeneral, pa dwe genyen pyès materyèl enprime ki
        distribiye nan lekòl yo oswa sou lakou lekòl yo san pèmisyon alavans direktè/tris lekòl la oswa yon anplwaye manm lekòl
        la ki otorize, epi nan zòn ki deziye pou sa.  Y ap aplike règleman sa yo:

            1.  Elèv yo dwe jwenn pèmisyon yon administratè lekòl la avan yo:
               a.  Distribiye oswa afiche nenpòt materyèl sondaj oubyen petisyon ki pa soti nan lekòl la;
               b.  Enprime  oswa distribiye okenn piblikasyon elektwonik lekòl la;  kolekte lajan oubyen  vann piblisite pou
                   piblikasyon lekòl la; ak/oubyen distribiye okenn materyèl piblisite, politik, oswa relijye sou lakou lekòl la.



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       30 | Page
   33   34   35   36   37   38   39   40   41   42   43