Page 34 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 34

•  Pou respekte yon òdonans jidisyè oswa konvokasyon legal (§99.31(a)(9)).
            •  Bay fonksyonè apwopriye an koneksyon ak kesyon sante, ijans sekirite, nan kad atik §99.36 (§99.31(a)(10).
            •  Enfòmasyon lekòl la te klase kòm enfòmasyon jeneral (directory information) si kondisyon ki nan §99.37
               (§99.31(a)(11) satisfè. (§99.31(a)(11)). Remake, sepandan, Distri sa a pa t deziyen okenn enfòmasyon jeneral yo
               kapab pibliye san konsantman oswa anba yon eksepsyon FERPA, tankou rekritè lame pou sèten elèv lekòl segondè
               jan sa defini nan yon lòt seksyon Manyèl sa a. Epi, jan nou eksplike l anba la a ak jan sa otorize nan règleman 34
               CFR  99.3 & 99.37 FERPA, Distri a pral otorize Badj Idantifikasyon Elèv ki genyen Foto sou li (ÏD badge"), san
               konsantman, pou afiche enfòmasyon jeneral limite sa yo:  non lekòl aktyèl yon elèv, non/non elèv la prefere yo
               rele l jan li parèt nan Sistèm SIS la, foto elèv la, ak nimewo elèv distri a te bay, sou badj idantifikasyon yon elèv.
               Règleman FERPA prevwa paran ak elèj ki elijib pa gen dwa pou pa aksepte piblikasyon limite sa a pou badj ID elèv
               la.
            •  Bay yon travayè sosyal oswa lòt reprezantan DCF oswa nenpòt lòt ajan byennèt timoun leta oswa lokal oswa
               òganizasyon tribal ki gen aksè otorize nan plan ka yon elèv lè DCF oswa lòt ajans oswa òganizasyon ki legalman
               responsab, konfòmeman ak lwa leta oswa tribal, pou swen ak pwoteksyon elèv ki plase nan mezon adopsyon (20
               USC § 1232g (b) (1) (L)).
            •  Bay Sekretè Agrikilti oswa reprezantan ki gen otorizasyon Sèvis Nitrisyon ak Manje nan bi pou angaje nan kontwòl
               pwogram, evalyasyon, ak mezi pèfòmans pwogram ki otorize anba lwa “Richard B. Russell National School Lunch
               Act oswa lwa “Child Nutrition Act of 1966” otorize, sou sèten kondisyon (20 U.S.C. § 1232g(b)(1)(K))

        4. Dwa pou resevwa avi anyèl sou dwa yo konsènan dosye edikasyon.
        5. Dwa pou pote plent nan Depatman Edikasyon Etazini konsènan mankman sipoze distri lekòl la pou aplike lwa FERPA
           yo.  Non ak adrès biwo k ap administre lwa FERPA se :



                                                 Student Privacy Policy Office
                                                 U.S. Department of Education
                                                    400 Maryland Ave. SW
                                                 Washington, DC 20202-8520


        6.  Enfòmasyon nan anyè se enfòmasyon yo pa jeneralman konsidere kòm danjere oswa yon envazyon sou vi prive si yo
           pibliye l.  FERPA pèmèt divilgasyon sèten "enfòmasyon nan anyè" limite sou yon kat idantite elèv/badj san konsantman
           paran/responsab oswa elèv ki elijib.  Objektif divilgasyon yo sou kat idantite/badj elèv sa a se pou bay plis sekirite,
           responsablite, ak efikasite nan lekòl yo, epi badj la dwe parèt pandan yo sou pwopriyete Distri a oswa lè administrasyon
           lekòl la konsidere li apwopriye nan evènman lekòl la patwone ak pandan yo nan otobis Distri a oswa lòt machin distri a
           patwone, anboche oswa opere.

        Epitou, gade tou P-5.50 ak P-5.0115 Komite Dirijan Distri lekòla ak Règleman 5.0115 oswa repase FERPA (20u.s.c. 1232g)
        ak règleman entèpretatif nan 34 CFR pati 99.  Ou kapab jwenn kopi enfòmasyon ak règleman sa yo tou nan Biwo Depatman
        Kominikasyon & Angajman Distri a ak nan lekòl yo.

        Obligasyon pou Konsèvasyon dosye:
        Lekòl yo pa dwe detwi okenn dosye edikatif ki anba envestigasyon oswa litigasyon.  Yo mande tou pou lekòl yo kenbe tout
        demand pou jwenn aksè nan dosye yo, piblikasyon enfòmasyon ki pèsonèl-man idantifyab ki soti nan dosye edikatif elèv
        yo ak lòt dosye edikatif dapre orè sou Retansyon Dosye Distri a, ki disponib sou entènèt nan: Student Records Requests /
        Records Retention Schedule.



         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       26 | Page
   29   30   31   32   33   34   35   36   37   38   39