Page 39 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 39

• Anons sou reyinyon gwoup elèv ki pa fè pati pwogram akademik lekòl la, ki afiche sou tablo anons jeneral
                     lekòl la pa reprezante nesesèman opinyon Distri lekòl la ni administrasyon an.  Distri a senpleman ofri gwoup
                     sa yo yon espas fizik, san pou otan li pa fè pwomosyon ni andose opinyon ki ekri nan materyèl sa yo.  Nou
                     ankouraje elèv yo pran an konsiderasyon, opinyon ak kwayans lòt kamarad lekòl yo lè y ap afiche anons sa
                     yo (P-2.121).
            2.  Elèv pa gen dwa distribiye ni sou fòm elektwonik ni sou fòm papye petisyon oswa sondaj ou byen okenn lòt
               materyèl ki pa anrapò ak lekòl la nan lè klas yo ap travay, amwenske sa gen rapò ak travay klas la oswa pwofesè a
               otorize sa. Règleman 2.131 deklare tou: Distribisyon sa yo dwe fèt nan lòd yon fason pou pa entewonp bon
               fonksyònman lekòl la oswa fè entèferans ak dwa libète lapawòl lòt elèv. Distribisyon sa yo dwe fèt nan lòd yon
               fason pou pa entewonp bon fonksyònman lekòl la oswa fè entèferans ak dwa libète lapawòl lòt elèv.
            3.  Pa dwe gen okenn atik ni piblikasyon k ap distribiye nan lakou lekòl la kote :
                    a.  Direktè/tris lekòl la oswa yon lòt responsab twouve ki obsèn, vilgè oswa pònografik nan lekòl
                        la; ki diskriminatwa oswa difamatwa; ki gen deklarasyon ki atake lavi prive lòt moun oswa k ap fè piblisite
                        pou atik timoun minè pa gen dwa itilize; ak
                    b.  ki kapab kreye yon okazyon pou entewonp aktivite nòmal lekòl la oswa pou deranje disiplin
                        apwopriye ki nesesè pou bon fonksyònman lekòl la; oswa k ap ankouraje vyolans oubyen lòt aktivite
                        ilegal. Pa dwe gen okenn materyèl pònografik okenn kote sou pwopriyete lekòl la.
        4.   Pèmisyon pou itilize resous teknolojik distri  a, enkli telekominikasyon ak/oswa lòt rezo,  elèv  yo dwe bay
        konsantman yo elektwonikman kote yo deklare yo konprann epi yo aksepte dwa ak responsablite isaje yo, epi paran yo
        resevwa avi ki nan Fòm Enskripsyon nouvo elèv ak elèv k ap retounen, yo siyen chak ane a.  (P-8.123)
















































         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       31 | Page
   34   35   36   37   38   39   40   41   42   43   44