Page 41 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 41

c.  Akoz danje transpò mekanik yo poze, okenn lekòl oswa òganizasyon lekòl pa otorize pou pèmèt okenn fòm transpò
               mekanik sou pwopriyete Distri Lekòl yo oswa nenpòt lekòl ki sipòte jan aktivite sa yo sou yon fòm oswa sou yon
               lòt.
            d.  Yo dwe respekte tout prensip pou sekirite ak pwoteksyon Komite Dirijan Lekòl la nan aktivite k ap fèt, menmsi
               leve fon p ap fèt sou pwopriyete lekòl la.

        Kòlèk lajan nan men elèv yo pou òganizasyon ki pa fè pati lekòl la tankou Salvation Army (Amedisali), United Way, Girl
        Scouts, eltr., pa gen dwa fèt lekòl la nan lè lekòl la ap travay. Règleman sa a bay lòt restriksyon anplis konsènan kòlèk lajan
        k ap fèt nan lekòl yo.

        Kolekte Lajan Manje pou Elèv yo: Distri Lekòl la gen direktiv yo dwe swiv lè y ap kolekte lajan pou manje sou lakou lekòl
        la lè y ap vann atik pou elèv yo. Ou kapab jwenn direktiv sa yo nan School Food Service Management P- 6.185
        USDA te etabli estanda nitrisyon yo rele Smart Snacks. Vending Machines yo ak boutik lekòl yo kapab fonksyone nenpòt
        ki lè pandan jounen lekòl la; sepandan, yo dwe toujou konfòme yo ak règleman Smart Snack yo.


                                   RAPÒ EKSELANS (Gold Report) /PI BON PRATIK

        Depatman Sekirite Lekòl yo rekeyi enfòmasyon sou 44 ensidan ki genyen rapò ak dwòg, entimidasyon/arasman, vyolans
        ak move konpòtman ki rive nan lekòl yo, nan mwayen transpò lekòl yo ak nan aktivite lekòl la òganize ki fèt andeyò lekòl,
        pandan nenpòt peryòd 24 èdtan, 365 jou nan ane a. Lekòl yo rapòte ensidan sa yo bay distri a ki, an retou, prezante
        enfòmasyon sa yo bay Depatman Edikasyon Florid.

        Rapò Gold la bay enfòmasyon chak ane sou yon pakèt eleman done konsènan gwoup klas sa yo: K-5, 6-8, ak 9-12. Anplis,
        enfòmasyon sa yo sibdivize dapre ras/etnisite ak sèks.  Sit entènèt la pèmèt ou seleksyone yon lekòl byen detèmine, oswa
        tout lekòl nan yon nivo espesifik (Tout lekòl primè, entèmedyè yo oswa tout lekòl segondè yo). The Gold Report

                    GRADYASYON, REKONESANS MERIT, AK KONDISYON POU GRADYASYON
                                                             Règleman 8.01
                                 Plan Pwogresyon Elèv Lekòl Segondè – Ap tann Mizajou Lejislatif pou Kondisyon Gradyasyon

        Pou kalifye nan seleksyon kòm premye ak dezyèm loreya, yon elèv dwe te nan menm lekòl piblik ki nan distri lekòl rejyon
        Palm Beach la pandan twa zan, de (2) ladan yo ta dwe avan dènye ak dènye ane lekòl segondè li. Yon elèv ki oblije chanje
        lekòl akoz yon chanjman Distri a fè nan limit zòn lekòl, ap kalifye pou pataje rekonesans premye oswa dezyèm loreya avèk
        yon elèv ki totalman kalifye, san l pa bezwen genyen twa zan prezans yo te egzije pou l te fè nan menm lekòl la.

        Elèv ki seleksyone opsyon 18-Kredi Opsyon Gradyasyon ACCEL, oswa ki chwazi opsyon 24-Kredi nan twazan pa p kalifye
        pou loreya/dezyèm loreya. Yon elèv ki antre bonè ki enskri aplentan nan yon kolèj oswa inivèsite nan nenpòt moman
        pandan li nan dènye ane lekòl segondè pa p elijib pou rekonesans sa a. Tanpri, gade Student Progression Plan pou plis
        detay.












         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       33 | Page
   36   37   38   39   40   41   42   43   44   45   46