Page 37 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 37

ekivalan fendetid segondè nan yon pwosesis konpetitif yo te aplike an 2014 Rezònman atravè kominikasyon
               oral/ekri, Rezònman Matematik, Syans, ak Syans Sosyal. Se yon tès ki fèt sou òdinatè. Pase egzamen an mande
               kèk preparasyon. Pwogram lokal edikasyon pou adilt distri lekòl la patwone, kolèj ak òganizasyon kominotè ede
               elèv yo detèmine meyè fason pou prepare egzamen yo. Enfòmasyon ak resous adisyonèl konsènan tès GED® ak
               pwogram ekivalan diplòm fendetid segondè disponib nan High School Equivalency Diploma Program.

        Kesyon yo Poze Pi Souvan Konsènan Evalyasyon ki Obligatwa yo

        Poukisa elèv yo pran Tès Estanda Florid?  Pou fè fas ak divès gwo defi ki egziste sou mache travay jodi a, elèv yo oblije
        konnen matematik ak syans, byen konnen mond y ap viv ladan an ak gen kapasite pou li epi konprann yon seri tèks difisil,
        epi yo bezwen kapab konn ekri byen. Yo prepare kesyon egzamen yo pou mezire nivo aptitid elèv yo nan lekti, redaksyon,
        matematik, syans, ak syans sosyal epi konesans elèv ta dwe genyen.  Tès yo ede pwofesè, direktè/tris, sipèentandan,
        kominote, ak patnè nan biznis detèmine nivo siksè elèv yo genyen nan tout Estanda Eta a.

        Ki Egzamen Estanda Florid pitit mwen ap gen pou l pran?  Tout elèv, ki enskri nan klas Jadendanfan -10, ak/oswa nan kou
        ki aplikab ki enkli  egzamen fendane oblije patisipe, san konsidere konbyen tan yo te enskri nan lekòl nan  Etazini.
        Enfòmasyon adisyonèl sou administrasyon egzamen leta yo disponib nan  (link)  Statewide Assessment Program
        Information Guide

        Poukisa Egzamen Leta yo Enpòtan?  Tout rezilta evalyasyon yo gide pakou edikasyon pitit ou a soti nan yon ane ale nan
        yon lòt.  Si pitit ou a fè nòt ki pi ba pase nivo konpetans li nan lekti, matematik, syans, oswa istwa l ap resevwa èd
        siplemantè.

        Èske y ap mande pou elèv yo pase nouvo tès  yo pou yo kapab ranpli kondisyon pou gradyasyon?  Direktiv  pou
        pwomosyon ak gradyasyon anjeneral rete menm jan an. Elèv ki antre nan klas 3 yèm  nan ane akademik 2022-23 ak apre,
        kote yo te anseye yo lè l sèvi avèk Pwen referans pou Ekselan Panse Elèv (B.E.S.T.) depi nan jadendanfan ap gen pou yo fè
        yon nòt 2 oswa plis nan tès ELA klas 3 yèm  ane pou yo kapab ranpli kondisyon yo mande pou yo pase. Elèv ki pa fè nòt sa yo
        kapab toujou satisfè kondisyon pou yo pase atravè youn nan sis kòz pou yo egzante yon elèv.  Elèv ki antre nan klas 10 yèm
        ak /oswa ki pran Aljèb1 nan ane akademik 2022-23 la ak aprè ap oblije fè yon nòt 3 oswa plis nan tès respektif FAST 10 yèm
        ane ELA ak evalyasyon B.E.S.T Aljèb 1 pou satisfè kondisyon gradyasyon yo. Elèv sa yo ap kontinye genyen opòtinite pou
        reprann tès yo.
        Kisa Peryòd ‘’ Blakawout’’ pou Tès la ye ? Chak ane Distri Lekòl nou an pran sa oserye anpil pou tout lekòl yo anseye
        estanda yo ak prepare Egzamen pou evalyasyon (FSA) pou tout Eta a jan Lalwa mande pou l fèt pou redui enteripsyon nan
        preparasyon final pou tès sa yo, yo pa pwograme reyinyon Distri pou pèsonèl ki nan lekòl yo (pwofesè ak administratè)
        nan peyòd egzamen ki kòmanse nan mwa mas pou rive nan mwa me.  Peryòd sa a rele Peryòd Blakawout pou Evalyasyon
        Eta a.

        Kòman m ap fè konnen si pitit mwen fè pwogrè ?  Règleman Eta a ak Gouvènman Federal mande pou chak lekòl suiv
        tablo  Plan Nivo Pèfòmans Pwogrè Elèv la lè y ap  pran desizyon pou  chak  elèv  konsènan pwomosyon, double, ak
        remedyasyon  F.S.1008.25(I). Objektif Plan Pwogrè Elèv la se enfòme pèsonèl, paran, elèv ak lòt sitwayen ki enterese,
        prensip Komite dirijan Lekòl ak pwosedi administratif obligatwa pou aplike kondisyon lokal ak eta a sou pwogresyon
        Elèv.   Se responsablite Komite dirijan ak administrasyon distri a pou prezante elèv yo ansèyman ak pwogram remedyasyon
        ki efektif, ki kontwole pwogrè, pwomouvwa siksè kontinyèl, epi pran dispozisyon pou pou diferans endividyèl.  W ap jwenn
        plan an nan : Student Progression Plans.





         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       29 | Page
   32   33   34   35   36   37   38   39   40   41   42