Page 54 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 54

Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la ap avize paran yo dirèkteman sou prensip sa yo omwen chak ane nan kòmansman chak
        ane lekòl ak aprè chak chanjman. Distri a ap avize paran yo dirèkteman, tankou ak yon avi nan mànyèl sa a, oswa pa lapòs
        oswa imèl paran elèv ki gen pou patisipe nan aktivite oswa sondaj byen detèmine sa a, epi l ap bay paran sa yo opòtinite
        chwazi si yo dakò pou pitit yo patisipe. Distri a ap fè paran an jwenn avi sa a (tankou ak yon avi nan mànyèl sa a) nan
        kòmansman ane eskolè a si li konnen byen dat espesifik oswa apwoksimatif aktivite oswa sondaj la, nan moman an.

        Yo administre Kesyonè Efikasite Lekòl la (SEQ) chak ane nan sezon prentan tout anplwaye, elèv (klas 3-12), ak tout paran.
        Avi pou administrasyon SEQ a se atravè Bilten Evalyasyon Distri a bay direktè yo, anplis yon bilten espesifik SEQ anvan
        administrasyon an.
            ●  Repons yo baze sou yon mezi senk pwen sou echèl Likert la, soti nan "Pa Dakò ditou" monte rive nan "Dakò
               antyèman". Jesyon SEQ elèv la disponib sou entènèt nan “Performance Matters” pou sa yo ki mande yo kopi sou
               papye.
            ●  Yo bay tout vèsyon SEQ yo ann Angle, Pòtigè, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen.

        Pou sondaj ak aktivite ki planifye pou apre ane lekòl la fin kòmanse, y ap bay paran yo yon avi rezonab sou aktivite ki
        planifye yo ak sondaj yo ki pibliye anba a, ak opòtinite pou retire pitit yo nan aktivite sa yo ak sondaj yo. Epitou, y ap bay
        paran yo opòtinite pou revize nenpòt sondaj ki enkyete yo.

        Men yon lis aktivite ak sondaj byen detèmine yo mande ki kouvri anba egzijans sa a:
               ▪   Koleksyon, divilgasyon ak itilizasyon enfòmasyon pèsonèl pou fè maketing, vann ak lòt kalite distribisyon
                   daprè deskripsyon ki bay deja sou sa.
               ▪   Administrasyon yon sondaj sou enfòmasyon prive ki pa jwenn finansman Depatman Edikasyon Etazini daprè
                   jan sa esplike pi wo a.
               ▪   Nenpòt Egzamen medikal anvayisan ki pa ijan, oswa tès depistaj daprè jan sa dekri pi wo a.

        Nenpòt Egzamen medikal anvayisan ki pa ijan, oswa tès depistaj daprè jan sa dekri pi wo a.

                                   Student Privacy Policy Office, U.S. Department of Education,
                                       400 Maryland Avenue, SW, Washington, DC  20202

                                              DEKLARASYON DWA PARAN
                                                        Règleman 5.735

        Distri lekòl la rekonèt wòl vital paran ak fanmi yo jwe nan edikasyon, byennèt ak valè elèv li yo, epi li kwè edikasyon chak
        elèv se yon responsabilite lekòl la, Paran ak manm fanmi elèv yo pataje.

        Daprè Règleman SBE Rule 6A-10.085, ou kapab jwenn enfòmasyon sou pwogram ak aktivite siplemantè nan lekòl pitit ou
        a sou sit entènèt lekòl la.

        1. Komite Dirijan an rekonèt dwa sa yo paran genyen:
           a.   Dwa pou dirije edikasyon eak swen elèv ki minè;
           b.   Dwa pou dirije edikasyon ak moral oswa fòmasyon religyez pitit minè yo (ki poko majè);
           c.   Dwa pou yo aplike oswa enskri pitit yo nan yon lekòl piblik, oswa yon lekòl prive, yon pwogram edikasyon lakay
                 oswa lòt opsyon, kòm yon altènativ;
           d.   Dwa pou gen aksè epi revize enfòmasyon lekòl ki gen rapò ak edikasyon pitit yo ki minè;
           e.   Dwa pou pran desizyon medikal pou pitit yo ki minè, amwenske lalwa bay yo entèdiksyon;
           f.   Dwa pou yo gen aksè ak revize tout dosye medikal pitit yo ki minè, amwenske lalwa bayo entèdiksyon oswa si y ap
                envestige paran an pou krim yo di li komèt sou pitit li ki minè epi ajan polis oswa enstitisyon ofisyèl mande pou yo
                pa livre enfòmasyon an;

         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       44 | Page
   49   50   51   52   53   54   55   56   57   58   59