Page 57 - FY24_Student AndFamilyHandbookCreole_9-26_23
P. 57

NOUVO PLASMAN
        Nan Rejyon Palm Beach, elèv minè yo dwe ale nan lekòl ki nan zòn kote paran oswa responsab la abite    (P-5.01(1)) eksepte
        si yo gen otorizasyon pou ale nan yon lòt lekòl atravè metòd transfè espesyal ki rekòmande yon plasman apwopriye pou
        yo.  Metòd plasman espesyal sa yo enkli plasman pou sèvis ki nesesè, plasman daprè seleksyon nan tirajosò Chwa
        Pwofesyonèl ak Espesyalizasyon, plasman atravè pwogram Federal oswa Eta a, ak plasman daprè rekèt transfè.

        Transfè vle di demand ki fèt pou elèv la kapab ale nan yon lekòl ki pa lekòl nòmal li parapò ak adrès kote paran an rete a.
        Yo konsidere ak analize transfè yo daprè règleman ki nan atik lwa  P-5.015 la; yo pa baze sou chwa oswa sou sa ki pi bon
        pou moun nan. Yo konsidere demand transfè daprè kondisyon ak prensip Komite Dirijan Distri lekòl la adopte, ak lekòl ki
        genyen kantite elèv enskri ki depase 100% oswa plis nivo kapasite yo, nouvo lekòl ki fèk ouvri, lekòl ki genyen twòp elèv
        akoz pwoblèm konstriksyon, epi lekòl ki pa genyen ase salklas disponib akoz yo pa kapab konsidere pwogram espesyal
        kòm yon lekòl kote elèv kapab transfere (Règleman (P-5.015(4)). Fanmi k ap chèche transfè lekòl daprè konvenyans oswa
        preferans lekòl kapab aplike atravè pwosesis Enskripsyon Jeneral Kontwole a pandan peryòd aplikasyon ki pibliye a. Ale
        nan paj 14 pou enfòmasyon sou Enskripsyon Jeneral.
        Demann transfè yo dwe fèt atravè aplikasyon ou jwenn sou sit entènèt distri a, pandan peryòd aplikasyon yo pibliye a.
        Eksepte nan sikonstans espesyal oswa lè se premye fwa rezon transfè a evoke aprè dat yo te mande a, se paran oswa
        responsab elèv la ki dwe soumèt aplikasyon an pou chak semès, nan dat limit la.  Dosye prezans ak disiplin kapab enfliyanse
        desizyon transfè yo, suivan lwa federal. Si yo apwouve yon demand transfè, se responsabilite paran an pou bay transpò
        pou ale nan nouvo lekòl la. Direktè/tris lekòl kapab anile transfè a pou koz absans, disiplin oswa rezon akademik suivan
        lwa federal, epi li revize transfè yo chak ane pou deside si y ap mentni yo.

                                                      ENSKRIPSYON

        Pou enskri yon timoun nan sistèm Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la, w ap bezwen ale ak lis dokiman sa yo nan lekòl ki
        apwopriye ak zòn kote w abite a epi soumèt yon fòm enskripsyon w ap ranpli ak siyen New/Returning Student Registration
        Form (PBSD 0636):
            ▪   Prèv adrès aktyèl (2 kalite prèv – gade nan lis ki pi ba a), sof nan ka sikonstans atenyant oswa gwo eprèv, daprè
               jan sa defini nan Règleman P-5.011:
               o  Bòdwo telefòn, telefòn selilè
               o  Bòdwo kouran elektrik
               o  Resi oswa kontra lwaye kay ki gen non lokatè a ak non pwopriyetè kay la ak tout enfòmasyon sou ki jan pou
                   kontakte tou de pati konsène yo
               o  Resi oswa kontra afèmaj ki gen non lokatè a ak non pwopriyetè kay la ak tout enfòmasyon sou ki jan pou
                   kontakte tou de pati konsène yo
               o  Papye ipotèk sou kay
               o  Kontra kay w ap achte ak tout dat tranzaksyon final lè w ap resevwa kle kay la, ansanm ak yon kopi tit
                   pwopriyete (deed) w ap gen pou pote montre 30 jou aprè tranzaksyon final la
               o  Polis asirans otomobil
               o  Lisans chofè Eta Florid ki valid
               o  Kat idantite ofisyèl Eta Florid
               o  ta kont kat kredi w
               o  Konfimasyon ofisyèl chanjman adrès ou ki soti lapòs
               o  Prèv korespondans, tankou anvlòp tenbre ki gen so ak dat lapòs, ou te resevwa deja nan adrès lakay ou; oswa
               o  Deklarayson domisil
              Batistè oswa lòt prèv nesans selon atik lwa  F. S. § 1003.21**
              Prèv egzamen medikal ki gen mwens pase 12 mwa depi li fèt (ou gen jiska 30 jou lekòl pou soumèt pyès sa a si w
               poko genyen li disponib nan moman w ap fè enskripsyon pitit ou a)
              Prèv vaksinasyon**
         Manyèl Elèv ak Paran pou Ane 2024                                                                                                                                                       47 | Page
   52   53   54   55   56   57   58   59   60   61   62